Accessibility links

Breaking News

Etazini-Diplomasi - Sekretè Deta Clinton di: "Pap gen Konsesyon Pou Kore di Nò"


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, di li gen espwa dat otorite nò-koreyen yo fikse pou yo fè pwosè kont 2 jounalis ameriken ki nan prison nan Kore di Nò, se yon siy ki montre Pyongyang ka pa pran tan pou l libere yo.

Non 2 jèn jounalis fi sa yo se Euna Lee avèk Laura Ling. Yo nan prizon depi mitan mwa mas la. Laprès nan Kore di Nò rapòte medam sa yo anba akizasyon deske yo ta swadizan komèt zak ostil kont Kore du Nò epi yo ta antre ilegalman nan peyi a.

Otorite yo anonse yè jedi a 2 akize yo pral konparèt devan yon tribinal nan dat 4 jen kap vini an. Nan yon konferans pou laprès Sekretè Deta Clinton bay avèk minis afè etranjè Malezyen an jedi 14 me a nan Washington, li di li konsidere anons la kòm yon nouvèl ki gen anpil enpòtans. Nap site : «A la verite, le fèt ke kounyeya yo fikse yon dat nan mwa jen an pou jijman an dewoule, nou konsidere sa kòm yon bon pa. Nou kwè ke akizasyon yo san fondman; yo pat dwe mènm lage yo sou do jounalis yo.

2 jèn medam sa yo dwe jwenn liberasyon yo tou suit. Men le fèt ke yo pral genyen pou yo swiv yon pwosesis, nou kwè se yon siyal ki montre kapab genyen yon solisyon e mwen swete sa fèt le pli vit posib.»

Sekretè Deta a te gen tou yon mo ankourajan sou pwogram nikleyè Kore di Nò a. Li di pòt la ouvè pou Pyongyang retounen bò tab negosyasyon yo ak 6 pati ke La Chin patwone -- negosyasyon Kore di Nò te abandone mwa pase a aprè Nasyonzini te kritike yon lansman misil a long pòte li te fè. Sepandan, Madam Clinton di Kore di Nò pa dwe espere pi bon kondisyon nan negosyasyon yo. Nap site ankò :«Balon an nan kan Kore di Nò. Nou pa gen okenn rezon pou n ap mache dèyè Kore di Nò, ni pou n ofri li pyès konsesyon. Yo konnen obligasyon yo trè byen. Yo konnen sa pwosesis la ye, e nou tout ankouraje yo pou yo retounen bò tab negosyayson yo e kòmanse yon fwa ankò travay avèk nou pou n ka vanse pou pi devan avek kalandriye a.»

Sekretè Deta Clinton di yon misyon anvwaye espesyal pou zafè Kore di Nò a, Stephen Bosworth, t'al fè nan rejyon an sa pa gen lontan, montre lòt peyi-patisipan nan chita-tande yo (Japon, Kore di Sid, Larisi, ak La Chin), dakò avèk apwòch Washington pran sou pwogram Kore di Nò a–yon apwòch ki mande pou diplomat konsène yo montre pasyans nan negosyasyon yo.

Jdesmara@voanews.com

XS
SM
MD
LG