Anpil rechèch ak etid syantifik ap fèt sou maladi Ipètansyon ateryèl ou tansyon wo. Lè'n koute pwogram edisyon Lib Tribin sa a, na apran orijin Ipètansyon (Hypertension arterielle, en franse), fason lap evolye jounen jodi a, ak
prediksyon responsab lasante alechèl mondyal fè pou lavni. Genyen dekouvèt la medsin fè ki kapab ede moun kap soufri ak pwoblèm sa a.
San nou pa antre nan twòp detay, gen kèk
eleman nou ta renmen souliyen: kèk faktè ki kapab
lakòz moun soufri ak tansyon Wo ou Ipètansyon ateryèl.
Laj: plis na'p granmou, plis nou
genyen chans soufri ak maladi tansyon. Pouki? paske venn ki mennen san nan kè a
vinn mwen eslastik, pi rijid. Fenomèn sa a rele ateryosklewoz--ki vle di
venn yo vinn pi di.
Ras: Savan yo dekouvri ke ras yon
moun kapab genyen tou pou wè ak pwoblem tansyon wo a: Pa ekzanp, moun nwa kouri
plis risk fè tansyon ke moun blan. Nwa yo fè tansyon pi jèn e yo ka pi vit devlope plis
konplikasyon ak maladi a ke blan yo.
Genyen Faktè sosyal e ekonomik: Faktè sa yo konte tou, paske chèchè yo dekouvri li pi fasil pou moun ki
pa fè gwo etid pouse e ki sòti nan kouch ekonomik mwen favorize yo devlope
maladi tansyon. Yo te dekouvri sa nan rejyon Sidès Lèzetazini, kote ni nwa, ni
blan genyen plis chans soufri ak "tansyon wo" ke nan lòt rejyon peyi a.
Eredite: (konprann yon maladi ki kouran
nan fanmi ou) se yon lòt bagay ki ka eksplike ke yon moun devlope maladi ipètansyon ateryèl.
Epi genyen sèks moun tou. Doktè dekouvri gason kouris
plis risk pou yo fè tansyon ke medam yo.
Nou ka site ankò: pwa moun ak
alimantasyon yo—sitou si yo renmen mete anpil sèl nan manje yo. Koupe sou sèl nap mete nan manje n' kapab ede
bese tansyon ateryèl nou.
Nan emisyon lib tribin VOA sou tansyon ateryèl la, doktè Jean-Claude Desgranges depi vil Tampa nan eta Florid ak doktè Odler Jean-Louie nan eta New Jersey ap reponn kesyon oditè nou yo.
Si ou ta renmen koute emisyon lib tribin sa a, klike sou lyen ki anwo e adwat atik sa a.
NB: Nou ka ale apre tou sou adrès ki anba a pou done estatisk Òganizasyon Mondyal Lasante genyen sou prevalans Ipètansyon nan peyi Dayiti.
http://apps.who.int/infobase/report.aspx?rid=115&iso=HTI&dm=18&searchButton=Search+Surveys