To enfeksyon an sanble ap bese, lap ralanti, men moun fèt pou kontinye pran prekosyon, espesyalman si yo prale rankontre ak anpil moun, yon foul, yon rasanbleman, pa egzanp.
Misye Cordova kontinye pou l di, moun yo pa ta fèt pou rasanble sou plas piblik, e si yo nan yon oditoryòm oubyen nan yon stad spòtif, se pou yon moun kenbe yon distans yon mèt 70 ant li menm ak lòt spektatè. Moun yo dwe sèvi ak mask pou yo mete sou figi yo lè yo an piblik, epi lave men yo souvan ak pwodui ki kapab touye mikwòb.
Youn nan espesyalis lasante kap apiye dispozisyon otorite meksiken yo pran pou yo fè fas ak sitiyasyon an, se Doktè Thomas Ksiazek. Ksiazek ap travay nan Laboratwa Nasyonal Galverston, nan Inivèsite Tegzas la. Li di, menmsi grip pòsin nan sanble l ap ralanti sou kous li, toujou genyen posiblite pou viris la retounen anfòs. Doktè Ksiazek di –nap site: “Mwen panse li toujou posib pou grip sa a tounen yon gwo epidemi --- oubyen sa yo rele yon pandemi-- nan pwochen sezon grip la, e vwazen nou yo, o sid Lèzetazini, meksiken yo, byen kapab genyen pou yo fè fas ankò ak pwoblèm grip sa a.
Nouvèl ki soti nan lot rejyon nan Amerik Latin nan fè konnen otorite lasante yo konfime plizyè ka viris H1N1 grip pòsin nan nan peyi Brezil ak Ajantin. Minis sante brezilyen an, Jose Gomes Temporao,di yè jedi a yo resanse 4 premye ka nan peyi-a. Minis la presize 3 nan malad sa yo te vwayaje o Meksik e 4e nan te fè yon vwayaj o Zetazini.
Ann Ajantin menm, responsab lasante yo konfime premye ka moun ki trape maladi grip pòsin nan --- se yon moun ki te fè yon vwayaj nan peyi Meksik. Ajantin sispann tout vòl avyon kap sòti Meksik. Pami peyi sid-ameriken ki frape ak viris la, genyen Kolonbi.
Jiskaprazan, Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) di viris la enfekte anviwon 2 mil 400 moun nan 24 peyi; pi fò nan ka sa yo se o Meksik e o Zetazini yo resanse yo.OMS lanse avètisman pou l di viris H1N1 an kapab gaye e menase jiska yon tyè nan tout popilasyon mondyal la.
Toujou sou dosye sa a, anviwon 300 kliyan ak manm pèsonèl yon otèl nan Hong Kong – ki te an karantèn pandan plis pase yon semèn, paske otorite yo te pè pou yo pat genyen sou yo viris H1N1 ki bay grip pòsin-nan-- ebyen, tout moun sa yo pral kapab repran kontak ak gran piblik la apati vandredi 8 me a. Yo te fèmen yo nan otèl la semèn pase a aprè yon kliyan ki te vizite peyi Meksik, te teste positif pou viris A H1N1 an.
jbeliz22@voanews.com