Foutbòl / UEFA
Klub foutbòl Ukrenyen Shaktar Donetsk ap rankontre nan final koup Unyon Foutbòl Eropeyen an klub Alman Werder de Brèm 20 Me kap vini la a nan vil Istanbul an Turki. Klub ukreyen an kale Dinamo de Kyèv 2 a 1 pou l kalifye pou la premyè fwa nan final konpetisyon an. Werder de Brem kale Hambourg 3 a 2 pou l kalifye pou final la.
Koup Lig Chanpyon Eropeyen an ap mete fas a fas Manchester United kont FC Barselò n. An palan de match sa a Unyon Foutbòl Eropeyen an gen pou l deside semen pwochèn nan si wi ou non yo dwe pran sanksyon kont jwè foutbòl Chelsea yo pou move konpòtman yo te genyen nan okazyon match nul 1 a 1 klub la te fè ak FC Barselò n. Yon rezilta ki elimine klub Angle a. Pami repròch jwè yo te fè abit la se akoz li pat akòde yo yon penalite pou pipiti pandan fen rankont la.
Nouvèl yo rapòte abit santral rankont la Nòvejyen Tom Henning Ovrebo resevwa plizyè menas lanmò sou entènèt la. Ivwaryen Didier Drogba ak Jose Bosingwa prezante ekskuz yo pou fason yo te eksprime kòlè yo apre rankont la.
Foutbòl / Azi
Prezidan Konfederasyon Foutbòl Azyatik la Mohamed Bin Hamman ranpòte eleksyon yo ak 2 vwa diferans pou l konsève syèj li nan komite ekzekutif FIFA a. Delege ki soti nan 46 peyi ki fòme konfederasyon vote 23 vwa pour 21 kont an favè Hamman ki te gen an fas li Bharenois Sheik Salman bin Ebrahim Al-Khalifa.
Foutbòl/ Beckham
Mitan teren seleksyon Angle a David Beckham manifeste entansyonn pou l retounen nan Milan AC an Janvye pwochen apre fen sezon MLS la. Beckham gen pou l re tounen nan Los Anjeles Galaksi an Jwen pwochen apre fen sezon lig foutbòl Italyen an.
Foutbòl / Meksik
Yon lòt kote Fanatik foutbòl Meksiken yo ap retounen nan stad yo ki te fèmen pou piblik la semen pase a ak yon lejè modifikasyon. Yon fanatik ap chita sou chak 2 chèz epi yon ranje ban ap vid pou pwoteje publik kont virus A-H1-N1 an.
Konfederasyon Foutbòl Amerik du Sud dakò pou klub Meksiken yo jwe match Kopa Libertadores de Amerika a domisil si klub Sud Ameriken pa gen oken pwoblèm
Foutbòl/ FC Barselòn/ Etazini
Klub foutbòl FC Barselòn anonse plan pou l patisipe nan yon 2 zièm toune afile Ozetazini pandan sezon été a kote lap 3 rankont sou kot Wès la dapre yon antant ak lig foutbòl ameriken an. Barselonè yo ap rankontre L A Galaksi Samdi 1 Out, Seattle Sounders Mèkredi 5 Out ak yon 3 zièm rankont yo poko anonse.
Tenis / Eròp
Rus Svetlana Kuznetsova kalifye pou final Open tenis Italia pre li pase Belarus Victoria Azarenka 2 kout rakèt 6-2, 6-4. Rus Ekaterina Makarova ap rankontre Bèlj Yanina Wickmayer nan final tounwa tenis Estoril la nan Pòtugal.
Siklisme / Armstrong
Siklis ameriken Lance Armstrong fè konnen li kapab pran kontwòl ekip siklis Astana a si ekip la pa rezoud pwoblèm finansye li genyen. Armstrong fè konnen plizyè enterese pou patwone ekip la men akondisyon lap kontwole operasyon yo. Dapre nouvèl yo Astana, ki baze nan Kazakhstan, gen pwoblèm finansye ki anpeche l peye anplwaye yo.
Baskètbòl / Etazini
Cleveland Cavaliers ap men-nen 2 a 0 nan semi final NBAa apre viktwa 105 a 85 li ranpòte sou Atlanta Hawks. Lebron James make 27 pwen. 2 ekip yo ap rankontre demen Samdi a. Jodi a Los Anjeles Lakers ap rankontre Houston Rockets epi Orlando Majik pral fè fas ak Boston Celtics. Ekip sa yo a egalite swa yon viktwa chak kote.
Los Anjeles Lakers ak Orlando Majik yo chak pap gen sèvis yon jwè nan pwochen rankont yap gen pou jwe nan semi final 2 konferans yo. Orlando Majik pap gen sèvis Rafer Alston epi Los Anjeles Lakers pèdu sèvis Derek Fisher kap purje suspansyon yon match.