Accessibility links

Breaking News

FIFA ap Fè Tès Dròg sou Foutbolè Wo Nivo


Foutbòl/ Amerik Du Sud

Brezil kale Bolivi 3 a 0 pou l kalifye pou faz final koup du mond U-17 la ki gen pou dewoule nan Nijerya. Brezilyen yo fini nan tèt group A faz eliminatwa konpetisyon an kap dewoule O Chili pou zòn Amerik du Sid la.

Arjantin kalifye tou apre li fini an premyè pozisyon nan tèt group B a. Arjantin ap rankontre Brezil 9 Me kap vini la a pou detèmine chanpyon Amerik Sud la

Isit Ozetazini New York Red Bulls kale San Jose Earthquake 2 a 1 nan match kalifikatif Koup US Open nan. Red Bulls yo pral rankontre chanpyon an tit la DC United dèyè yon pami 2 plas ki rezève pou ekip nan MLS la.

FIFA/ Dròg

FIFA anonse plan pou l fè tès dròg pami foutbolè wo nivo kap jwe nan diferan chanpyona etranje an 2009-yon pwogram ki an akò ak Ajans Anti Dopaj Mondyal la. Tès yo ap fèt nan 3 kategori ---jwè ki pap jwe akoz blesu ou byen suspansyon. Jwè kap jwe nan klub kap patisipe nan Lig chanpyon yo ak foutbolè kap evolye nan seleksyon nasyonal yo.

Responsab yo ap demare yon tès pilòt Vandredi 1 Me 2009 la. Peyi kap patisipe nan koup Konfederasyon an gen pou bay detay kote yap antrene pou otorite kapab fè tès kont foutbolè yo. FIFA gen pou fè 64 tès pandan koup konfederasyon an kap dewoule an Afrik du Sud an Jwen ane sa a.

FIFA konte reyalize 200 tès pandan koup du mond Juniò( U-20) ak kadè(U-17) ki gen pou dewoule an Ejipt ak Nijerya nan fen ane a.

Foutbòl / Grip Pòsin

Maladi grip pòsinn nan fòse otorite foutbòl Meksiken yo jwe pwochen jounen chanpyona a ak tout pòt fèmen. Desizyon an afekte 176 match foutbòl tout divizyon. 12 match nan premyè divizyon, 40 nan 2 zièm divizyon epi 115 nan 3 zièm divizyon ak lòt match nan 9 divizyon foutbòl peyi a. Pou soulaje fanatik yo 6 match premye divizyon pou pipiti ap retransmèt gratis nan chèn televizyon moun abitye peye pou gade. Tout lòt aktivite spòtif ki te dwe jwe O Meksik ranvwaye pou pwoteje atlèt yo kont virus fyèv pòsin nan.

Foutbòl / Eròp

Chanpyon an tit Eropeyen an Manchester United ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 devan Arsenal nan semi final ale lig chanpyon Eropeyen an. Match retou a fikse pou 5 Me. Chelsea te déjà fè match nul 0 a 0 ak FC Barselòn. Final la fikse pou 27 Me nan vil Wòm an Itali.

Atletisme/ Bolt

Chanpyon Olenpik Jamayiken Usain Bolt kraze otomobil BMW li posede pandan li tap kouri ak tout boulinn anba yon la pli. Aksidan an rive nan Jamayik. Bolt gen pou l patisipe nan kous 150 mèt 17 Me nan Manchester an Angletè.

Ciklisme/ Armstrong

Siklis ameriken Lance Armstrong, ki te ranpòte kous bisiklèt Tour de Frans la 7 fwa afile, retounen sou sikwi siklis entènasyonal la apre li te pran yon shock 23 Mas pase a. Armstrong ap prepare pou l patisipe nan Tour Itali a kap kòmanse 9 Me.

Baskètbòl / US

Denver Nuggets kalifye pou 2 zièm tou faz final NBA apre li pase New Orleans Hornets yon swif 107 a 86 pou l ranpòte seri a a 4 viktwa kont 1 defèt. Denver pral rankontre Dallas Marvericks nan semi final konferans de Lwès la.

Nan konferans de Lès la Atlanta Hawks kale Miami Heat 106 a 91 pou l domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt. 2 ekip yo ap rankontre demen Vandredi a nan Miami.

Orlando Majik pap gen sèvis Dwight Howard apre responsab yon an NBA sispann li pou yon match. Kamera te montre Howard te bay kanadyen dorijin ayisyèn Samuel Dalembert yon kout koud. Orlando ak Philadelphia 76ers ap rankontre Jedi 30 Avril la.

XS
SM
MD
LG