Accessibility links

Breaking News

Emisyon Lib Tribin VOA Sou Grip Pòsin nan


Òganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ogmante nivo alèt pou Grip Pòsin nan tounen yon pandemi pou mete l nan nivo 5 sou yon echèl ki gen 6 nivo. Sa vle di manke sèlman yon nivo avan yo konsidere Grip Pòsin nan kòm yon pandemi.

Direktè jeneral OMS la, Doktè Margaret Chan fè anons sa a mèkredi aprè midi nan vil Jenèv.

Doktè Chan lanse apèl pou tout peyi rete ann'eta dalèt maksimòm e pou yo mete ann' aplikasyon plan yo genyen pou yo kòmanse prepare yo pou fè fas ak yon pandemi.

Nivo 5 la pi ba pase nivo pandemi a, sepandan sa vle di enfeksyon Grip Pòsin nan ap gaye nan mitan kretyen-vivan. Yo sispèk maladi a dejà touye 159 moun nan peyi Meksik e li touye yon kretyen-vivan ozetazini.

Pou 'w koute emisyon sa a, kote 2 doktè (Jean-Claude Desgranges nan eta Florid e Max Milien ann' Ayiti) ap reponn kesyon oditè yo sou Grip Pòsin nan, klike sou lyen MP3 ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG