Accessibility links

Breaking News

Kisa Grip Pòsin nan Ye? 2èm Pati Konsèy pou Piblik ki Pale Kreyòl


ESKE GEN MEDIKAMAN POU TRETMAN?

Nan kèk peyi gen medikaman anti-viral kont grip sezonye a; se medikaman ki efikas pou anpeche moun trape maladi a ou trete sila yo ki deja genyen n. Genyen 2 klas medikaman sa yo : 1) Adamantàn (ki vini sou 2 fòm : Amantadin ak Remantadin), epi 2) Inibitè neraminidaz pou grip (ki gen 2 fòm tou : Ozeltamivir ak Zanamivir). Nan pi fò nan ka maladi grip pòsin yo deja rapòte yo, malad yo refè anba maladi a san yo pat menm resevwa swen medikal e san medikaman anti-viral.

Kèk viris grip devlope rezistans kont medikaman anti-viral yo, e sa limite efikasite kimoprofilaksi ak tretman. Viris yo dekouvri nan ka grip pòsin yo detekte o Zetazini yo (nap pale de ka kote viris la antre sou moun), se viris ke medikaman Ozeltamivir ak Zanamivir kapab konbat ; men Amantadin ak Remantadin, pa gen efè sou tip viris sa yo.

Enfòmasyon ki la kounyela yo pa sifi pou moun fè rekòmandasyon sou itlizasyon medikaman anti-viral pou prevansyon ak tretman enfeksyon ke viris grip pòsin nan bay moun. Doktè ak lòt espesyalis lasante baze previzyon yo sou evalyasyon klinik e epidemyolojik yo fè sou efè pozitif ou negatif yon tretman (ou yon pwofilaksi) genyen sou yon malad. Kanta pou grip pòsin kap frape Lèzetazini ak Meksik jounen jodiya, otorite yo nan nivo nasyonal e lokal rekòmande moun sèvi ak « Ozeltamivir » oubyen « Zanamivir » kòm tretman ak prevansyon kont maladi a, e se rekòmandasyon ki baze sou pwofil viris la ki montre kijan li ka evolye.

KISA MWEN KA FÈ SI M AN KONTAK REGILYÈMAN AVÈK KOCHON?

Menmsi pa genyen okenn prèv klè ki ta montre ke kalte enfeksyon grip pòsin kap atake kretyen vivan jounen jodiya ta genyen yon rapò kèlkonk avèk yon maladi ki sanble grip ki te frape popilasyon kochon yo sa pa gen lontan, oubyen ki kontinye frape bèt sa yo jounen jodiya, yon bon konsèy se limite le plis posib tout kontak avèk kochon malad epi rapòte tout ka maladi konsa bay otorite lasante nan peyi kote w ap viv la.

Pi fò moun ki enfekte yo, pran viris la nan kontak pwolonje e sere avèk kochon malad. Bon jan pratik ijyen se bagay ki trè zenpòtan si w gen pou w pran kontak avèk bèt, e sa espesyalman enpòtan pandan wap touye bèt oubyen apre ou fin touye yo, dekwa pou w evite kontaminasyon e pou w pa trape pyès viris. Bèt ki malad ou sila yo ki mouri ak maladi grip la, pa ta dwe resevwa tretman yo bay bèt lè yo prale a labatwa. Epi swiv lòt konsèy otorite sante ki nan peyi ou bay piblik la.

KIJAN M KA PWOTEJE TET MWEN POU MOUN KI DEJA ENFEKTE PA BAN M GRIP PÒSIN NAN ?

Nan le pase, moun ki te gen enfeksyon grip pòsin nan bay, pat tèlman genyen twò gwo pwoblèm an jeneral. Men, moun byen konnen ke enfeksyon sa a konn bay kèk maladi grav tankou nemoni, pa egzanp. Sepandan, kanta pou maladi ki eklate o Zetazini ak Meksik la, sitiyasyon klinik la yon ti jan diferan. Pyès nan ka yo konfime o Zetazini yo pa prezante sou fòm sevè maladi a, e viktim yo refè anba grip la san yo pa resevwa swen medikal. O Meksik, nouvèl yo fè konnen kèk nan malad yo soufri ak fòm sevè grip la. Pou w pwoteje tèt ou, mete an pratik konsèy jeneral ki sèvi kont grip :

-Evite kontak twò sere ak moun ki sanble yo malad e ki genyen lafyèv ak grip.

-Lave men w ak savon e ak dlo, e fè sa souvan; pa lave yon bò, kite yon bò: se pou w lave tout men w byen lave.

-Devlope bon abitid lasante, tankou dòmi kòmsadwa (sètadi dòmi pandan tan ki nesesè pou w repoze ni kò w, ni lespri w); manje manje ki bon pou lasante, epi bay kò w aktivite.

Si genyen yon moun malad lakay ou :

-Eseye mete moun sa a nan yon pati separe nan kay la. Si se posib, fè malad la rete sou yon distans o-mwen yon mèt ak rès moun ki nan kay la.

-Lè w ap pran swen moun malad la, chache yon bagay pou w kouvri bouch ou ak nen ou.

-Ou ka achte mask sou mache a oubyen ou ka fabrike youn ak materyèl ou ka jwenn fasilman, depi ou ka elimine yo apre sèvis oubyen netwaye yo kòmsadwa.

- Lave mwen w ak savon e dlo totalman apre chak kontak ou pran avèk moun ki malad la.

-Eseye fè bon jan lè pase nan zòn kote malad la rete a. Ouvè pòt ak fenèt pou van antre.

-Itilize pwodui ki sèvi pou fè pwòpte nan kay pou w kenbe anviwonnman an pwòp.

Si w ap viv nan yon peyi kote grip pòsin nan koze lanmò pami moun, swiv lòt konsèy otorite lasante lokal e nasyonal yo bay popilasyon an.

KISA POU MWEN FÈ SI M PANSE MWEN DEJA TRAPE MALADI GRIP PÒSIN NAN?

Si w pa santi w byen, si ou genyen yon gwo lafyèv, si wap touse oubyen wap soufri ak gòj-fè-mal :

-Rete lakay ou e pa ale travay, pa ale lekòl, ni nan foul moun otan ke w kapab.

-Repoze w e bwe anpil likid.

-Kouvri bouch ou ak nen ou avèk yon sèvyèt/napkin lè wap touse oubyen etènye, epi elimine sèvyèt la/napkin nan kòmsadwa.

- Lave mwen w ak savon e ak dlo souvan e totalman, espesyalman lè w fin touse oubyen etènye.

-Mete fanmi ou ak zanmi ou okouran maladi w la, epi kite lòt manm-fanmi an mennen aktivite kay la ki mande kontak ak lòt moun, tankou ale nan mache, pa egzanp.

Si ou bezwen atansyon medikal :

-Kontakte pa telefòn doktè ou (oubyen nenpot ki lòt travayè-lasante ki abitye ba ou swen) anvan w al wè yo an pèsonn pou w rapòte sentòm ou yo. Eksplike poukisa ou panse ou genyen maladi grip pòsin nan (pa egzanp: si ou te fèk vizite yon peyi kote maladi a eklate pami kretyen-vivan). Swiv konsèy yo ba ou pou w ka refè.

-Si l pa posib pou w kontakte davans moun ki abitye ba w swen-sante a, depi w rive nan klinik la oubyen lopital la, fè moun yo konnen tou swit poukisa ou sispèk ou genyen grip pòsin nan.

-Atansyon: Toujou kouvri bouch ou ak nen ou pandan wap deplase pou w ale nan klinik la oubyen nan lopital la.

Jdesmara@VOANEWS.COM

XS
SM
MD
LG