Oganizasyon Mondyal Lasante (OMS) ogmante nivo alèt pandemi grip pòsin nan--- alèt kote oganizasyon an atire atansyon sou le fèt ke enfeksyon maladi a bay, komanse gaye de moun an moun kote genyen gwo kominote kretyen-vivan. Pandan vis-direktè jeneral OMS la, doktè Keiji Foukouda, tap pale ak laprès nan vil Jenèv, an Swis, li konfime nouvèl ki di maladi a deja pase de kretyen-vivan a
kretyen-vivan sou yon espas jeyografik ki enpòtan ase pou fè moun panse
se yon pandemi.
Doktè Fukuda di mo-pou-mo : “Si nou gade mouvman ak chanjman maldi a sòti nan faz 3 a pou rive nan faz 4 la, nou vrèman ka entéprete sa kòm yon gwo pa an avan pou maladi a tounen yon pandemi; men faz aktyèl la vle di tou nou poko rive nan nivo pandemi. An 2 mo, 3 pawòl, sa vle di pou kounye la a nou deja pran direksyon sa a. Men nou pa kapab di ke yon pandemi se yon fenomèn moun pa ka evite."
O Meksik, otorite lasante yo anonse yè lendi a, maladi a deja touye 152 moun nan peyi a, tandiske mil 600 lòt tonbe malad ak grip la. Se konsa, gouvènman atravè lemond antye lanse apèl pou mande sitwayen yo pran prekosyon si yap vwayaje nan peyi latino-ameriken sa a. Sepandan, doktè Fukuda fè konnen OMS pa rekòmande okenn restriksyon sou vwayaj pou kounye a.
Doktè Fukuda di ankò, nap site: " Nan moman aktyèl la, kote viris la gaye anpil kote, si 'w konsidere sitiyasyon an sou yon plan entènasyonal, kit yon peyi fèmen fwontyè l', kit li mete restriksyon sou vwayaj, sa pap tèlman genyen yon gwo efè --si jamè sa ta gen yon efè--sou mouvman viris la... alòske sa ka koze gwo deranjman nan lavi moun nan yon peyi.
Isit o Zetazini, kote responsab yo bay sitwayen yo konsèy pou yo evite vwayaje o Meksik si sa pa obsoliman nesesè-- responsab lasante yo bay kèk konsèy sou fason pou yo pwoteje tèt yo kont maladi grip pòsin nan.
Doktè Mark Horton, direktè jeneral Depatman Sante Piblik Eta Kalifòni, fè plizyè rekòmandasyon. Li di : lave men toujou rete youn nan prekosyon ki pi enpòtan moun kapab pran. Sepandan, sètènman yon lòt mwayen se evite rete kote anpil moun rasanble. Si nou twouve n' nan yon zòn kote yo di maladi a deja gaye, gen lòt prekosyon nou kapab pran. Li enpòtan pou piblik la patisipe nan efò sa yo."
Kalifòni se youn nan Eta ameriken ki gen fwontyè ak Meksik, kote maladi grip pòsin nan deja touye 152 moun -daprè nouvèl ki parèt lendi 27 avril 2009 la. Se pou sa gouvènman federal Lèzetazini an ap voye nan Kalifòni plis pase yon milyon bwat medikaman anti-viral--pami yo, genyen "Tamiflu", pou populasyon an itilize sizoka maladi a ta eklate nan Eta sa a.