Accessibility links

Breaking News

Ki Retonbe Somè Amerik yo pou Trinidad an Tobago?


Ki Pwofi Trinidad and Tobago ap Tire nan Somè Amerik yo?

Somè Amerik yo ki soti dewoule nan Trinidad and Tobago pap bay yon rezilta imedyatman kontrèman ak deklarasyon responsab yo te fè avan dewoulman evenman an. Men reyalize somè a bay peyi a yon piblisite gratis ke li pa tap jwen si l te peye yon rekla m nan televizyon. Sou plan lokal se pa tout moun ki dakò pou peyi a te òganize somè a. Pou lòt Premye Minis Patrick Manning mete avni politik li ansanm ak pati a an je. Nou pataje ak nou kèk ensidan ou byen nouvèl ki te pase avan e pandan 3 jou somè Amerik yo.

Basdeo Panday youn pami lidè opozisyon an nan Trinidad and Tobago, di li panse gouvènman peyi li-a gaspiye twòp lajan pou òganize konferans 34 nasyon sa-a. Msye Panday, ki pat asiste somè a, kwè gouvènman-an te kapab utilize lajan sa-a a pou bay popilasyon an plis sèvis sosyal. Premye Minis la bò kote pa l kapab fè yon kalkil politik a mwayen ou a lontè m etan done li ekspoze peyi a nan le mond antye akoz prezans lidè yo nan emisfè a.

Te gen plizyè ensidan près entènasyonal la pa rapòte tankou pa ekzanp 2 lese frape ki te eklate ant ajan sekirite prezidan Arjanten an Cristina Fernandez de Kirchner ak solda CARICOM yo. Gouvènman Trinidadyen an louvri yon ankèt sou kesyon-an. Rezidan kap viv nan zòn jòn ak wouj somè a pat kapab sikile lib e libè malgre pwomès gouvènman an te fè nan sans sa-a. Pou moun ki pat konnen, konferans de près prezidan Obama te bay avan li kite somè a Dimanch pase te dewoule sou tèt building Hotel Hilton anba yon flanm solèy.

Yon seri lidè tankou Obama, Chavez ak kèk lòt ankò pat patisipe nan seyans foto final lidè yo abitye fè chak fwa konferans la pral rive nan bout li. Rezon an, seke pèsonn pat konnen nan ki pozisyon yo dwe kanpe mete ak reta ki te genyen pami lidè yo. Jounal Trinidadyen yo publiye foto prezidan Brezilyen an Luiz Inacio da Silva alyas Lula ak Premye Minis Trinidad and Tobago a Patrick Manning ki tap ede prezidan Arjantin an Cristina Fernandez de Krichner chache nonn pami lòt ki te figire nan eskalye kote yo ta pral pran foto nan Sant Diplomatik Trinidad and Tobago a.

La polis te arete anviwon yon douzèn sitwayen dorijin ispanik ki tap vinn patisipe nan somè pèp la, ki se yon aktivite paralè l. Otorite yo te libere yo kèk èd tan apre men yo konfiske tout materyèl ak dokiman yo te gen nan men yo.

Kèk jou avan dewoulman somè a la polis te arete 3 endividi yo akize kòm responsab yon rezo kidnaping kap fonksyone nan kapital la Port of Spain. Popilasyon an mande responsab yo pou replante tout pye bwa yo te rache nan zòn soti nan ayeropò pou rive nan sant vil la , pye bwa yo te detwi pou rezon sekirite. Sou plan sekirite, somè a dewoule nan sikonferans mwens ke 2 kilomèt kare kote nou jwen Hotel Hyatt, Sant de près la ak pò a kote 2 bato kwazyè te akoste pou ebèje lòt evenman, delege ak jounalis ki te fè deplasman pou okazyon an. Solda CARICOM ak lòt inite entènasyonal te asire sekirite patisipan yo. Sou plan òganizasyon te gen anpil fay. Anpil lidè sanble yo pat menm konnen yo te gen biwo pèsonèl nan sant de près la si nou dwe kwè pawòl reprezantan Jamayik la Ozetazini ke nou te rankontre pandan nou tap retounen isit Washington.

Malgre tou, pèp rejyon an an patikilye trinidadyen yo ap tann retonbe somè a sou pèp nan emisfè a. Pa gen venkè pa gen viktim non plis nan somè a. Tout moun soti ak yon bagay. Somè sa a montre yon peyi pa bezwen chaje ak chanm otèl pou l òganize yon evenman rejyonal ou entènasyonal. Sa peyi a bezwen se lajan pou mobilize bato kwazyè tankou sa fèt nan Trinidad and Tobago, fòs de lòd pou garanti sekirite ak volonte popilasyon an pou travay kòm volontè. Trinidad and Tobago se syèj pwochen reyunyon Commonwealth Britanik yo.

Jean Robert Philippe

jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG