Accessibility links

Breaking News

Etazini-Kiba : Prezidan Obama Reyalize Yon Demann Defen Minis Jistis Robert Kennedy


Kèk dokiman ki sòti yè jedi a fè konnen nan fen ane 1963, minis jistis ameriken nan epòk la, Robert Kennedy, te eseye konvenk gouvènman ameriken an pou l te leve anbago sou vwayaj ki te déjà ap peze sou Kiba a. Se Achiv Sekirite Nasyonal Univèsite George Washington ki pibliye dokiman sa yo. Pami yo genyen yon memorandòm Bob Kennedy te voye bay sekretè deta Dean Rusk, an desanm 1963, pou mande l chanje politik Lèzetazini vizazi Kiba.

Daprè Minis Kennedy, libète pou moun vwayaje al Kiba te plis ann akò ak sistèm nou jwenn nan yon sosyete lib, e sa tap reprezante yon bon jan diferans ak jan bagay yo fèt nan mond kominis la kote te genyen, pa egzanp, Mi Bèlen an ak kontwòl Leta sou deplasman sitwayen yo. Robert Kennedy te ekri memo sa a mwens ke yon mwa apre asasina frè li, Prezidan John Fritzgerald Kennedy. Minis Kennedy, li menm, ta pral tonbe anba bal asasen tou an 1968.

Entèdiksyon sou vwayaj te rete an vigè jiskaske Prezidan Jimmy Carter te vin monte sou pouvwa a an 1997. Prezidan Ronald Reagan, ki te vini apre Carter, te remete menm restriksyon sa yo an vigè. Nan yon atik Washington Post pibliye yè jedi a, yon pitit-fi Robert Kennedy, Kathleen Kennedy Townsend, apiye pozisyon papa l te pran lè l te vivan nan memo 1963 yo.

Pi bonè mwa sa a, Prezidan Barack Obama pran desizyon pou l leve sanksyon sou vwayaj ak transfè-lajan sitwayen amerikano-kiben yo ap voye nan Kiba, men li kenbe anbago komèsyal manch long kap peze sou peyi kominis la depi kòmansman ane 60 yo.

E nan dènye Somè Dèzamerik an dat la–ki te dewoule nan Trinidad-Tobago-- Misye Obama te di Lèzetazini ap chache yon nouvo depa pou relasyon n ak Kiba e li dispoze angaje yon dyalòg ak gouvènman la Avàn nan sou kesyon tankou dwa zimen, imigrasyon ak ekonomi.

Sepandan nouvo lokatè Mezon Blanch la presize Kiba fèt pou l montre li pare poul amelyore relasyon n avèk Lèzetazini – e pou gouvènman Raul Castro a montre sa, genyen kèk aksyon li kapab pran, aksyon tankou liberasyon prizonye politik yo, rediksyon sou frè gouvènmna kiben an fè moun peye pou transfè lajan amerikano-kiben-yo ap voye bay fanmi yo nan Kiba.

Prezidan Raul Castro, ki t al patisipe nan Somè ALBA a (Altènativ Bolivaryèn pou Amerik yo) nan Venezuela, deklare, bò kote pa l, La Avàn pare pou li abòde nenpòt ki kesyon ak Washington, pami yo gen dosye dwa zimen Kiba avèk sitiyasyon prizonye politik yo.
Jou kap vini la a pral bay dirijan 2 peyi yo okazyon pou yo kite pawòl epi pran aksyon.

Gen anviwon 2 semèn déjà, Prezidan Barack Obama te pase lòd pou otorite ameriken konsène yo leve restriksyon sou vwayaj nan Kiba pou sitwayen ameriken ki gen orijin kibèn yo …sa se yon aksyon. Responsab yo nan Washington mande La Avàn pou l fè yon jès bòn volonte tou, jès tankou liberasyon prizonyer politik yo.

XS
SM
MD
LG