Accessibility links

Breaking News

Milutinovic Nouvo Antrenè Irak


Foutbòl/ Irak/Milutinovic

Ansyen antrenè seleksyon ameriken Sèb Bora Milutinovic kòmanse ofisyèlman antrene seleksyon foutbòl Irak la kap prepare pou patisipe nan koup Konfederasyon an an 14 Jwen 2009 an Afrik du Sud, syèj koup du mond 2010 la.

Msye Milutinovic siyen kontra a jodi a nan vil Bagdad men li pa detay sou pwen ki gen nan kontra a. Milutinovic patisipe nan 5 koup du mond ak 5 peyi diferan.

Irak nan menm group ak Espay, Nouvèl Zeland ak òganizatè konpetisyon an Afrik du Sud

Foutbòl/ CONCACAF

Atlante suprann Cruz Azul ak yon viktwa 2 a 0 nan kad final ale lig chanpyon KONKAKAF la ki dewoule yè swa nan Meksiko Siti.

Nan faz final eliminatwa koup du mond U-17 la Meksik danse sou Trinidad and Tobago ak yon rakle 7 a 0 epi Gwatelama fè match nul 1 a 1 ak Kosta Rika. Jodi a Ondiras ap rankontre Kiba epi Etazini pral amize l ak Kanada.

Tenis/ Espay

Jwè tenis espayòl David Ferrer ak konpatriòt li Tommy Robredo kalifye pou kar de final tounwa tenis Open Barselòn nan an Espay. Ferrer remonte yon defisi pou l kale Italyen Potito Starace 4-6, 7-5, 6-2. Robredo remonte yon defisi tou pou l kale Rus Igor Andreev 4-6, 6-2, 6-3. Lòt jwè ki kalifye yo se arjanten David Nalbadian ak tchèk Radek Stepanek.

Je Zolenpik / Kore di Sid

Vil Sid Koreyen Pyeongchang anonse entansyonn pou l poze kandidatu l pou l akeyi je zolenpik dhivè yo an 2018. Komite Olenpik Sud Koreyen an fè anons la jodi a. Vil Sud Koreyen an rate chans la nan je 2010 yo ke Vancouver Kanada ap òganize epi vil Rus Sochi pou je zolenpik 2014 yo. Responsab yo espere fè fas ak 2 lòt vil ke Munik an Almay epi Annecy an Frans.

Atletism / Lond

Doktè yo nan vil Lond fè konnen chanyon an tit marathon Lond la Kenyan Martin Lel pa ta dwe gen pwoblèm pou l patisipe nan marathon Dimanch la apre radyografi revele blesu li gen nan hanch li pa grav ase pou anpeche l patisipe nan konpetisyon an.

Baskètbòl/ Etazini

Dwayne Wade make 33 pwen pou ede Miami Heat ranpòte yon viktwa 108 a 93 devan Atlanta Hawks nan kad faz final NBA a ki jwe yè swa. 2 ekip yo ap egalite yon viktwa patou. 2 ekip yo ap rankontre Samdi pou 3 zièm rankont seri 7 match la. Nan lòt rankont Orlando Majik wouze Philadelphia 76ers 96 a 87 pou mete seri a ak yon viktwa patou.

Pwochen rankont la fikse pou Vandredi. Nan konferans de Lwès la Denver Nuggets tronse New Orleans Hornets 108 a 93 pou l domine seri a 2 viktwa kont 0 defèt.

Dwight Howard kap jwe nan Orlando Majik non-men kòm meyè defansè pou ane a.

XS
SM
MD
LG