Accessibility links

Breaking News

Somè Amerik yo Konbinezon Diplomasi ak Politik


Ki Peyi ki Pwofite nan Somè Port of Spain nan?

Somè Trinidad and Tobago a fini e tout patisipan yo manifeste satisfaksyon yo, di mwens an pati ak espwa nan pwochen evenman an atmosfè a kapab pi bon. Tansyon ki te ekziste ant Etazini ak lòt peyi nan emisfè a bese. Chire-pit ant Etazini ak Venezuela-a diminye. Plizyè peyi fè konnen yo enterese nan « ouvèti » Washington fè sou vwazen li yo, men ya p’ tann pou wè pwomès yo tounen reyalite. Sòmè Dèzamerik yo, se te okazyon tou pou yon seri antreprenè ak chèf ekzekitif vinn chache debouche pou antrepriz yo ou pou konpayi ya’p dirije yo.

Òganizatè Somè Amerik yo nan Port of Spain, Trinidad and Tobago, te deplwaye anpil efò pou evite prezidan ameriken Barack Obama ak prezidan venezuelyen Hugo Chavez okipe tout espas medyatik la. Malgre tout efò sa yo, mesye Chavez te reyisi fè mesaj li pase nan près la ke’l itilize, non sèlman, pou l eksplike pouki li pap siyen deklarasyon Port of Spain men tou pou fè konnen li gen entansyon retabli relasyon diplomatik peyi li ak Washington apre li te finn bay lanmen nan 2 okazyon ak prezidan Barack Obama. Lèzetazini akeyi nouvèl la ak anpil prekosyon menm lè li sanble dispoze pou l’ fè menmman-parèyman. Msye Chavez menm mansyonen non aktyèl reprezantan Venezuela nan l’OEA a, Roy Cherton kòm posib anbasadè li nan Washington-nan. Chavez plede tou anfavè leve anbago Etazini mete sou Kiba a.

Etazini dejà deside soulaje anbago a lè li leve restriksyon sou sitwayen kiben-ameriken yo e pèt yo fè transfè lajan bay fanmi-yo kapab viv nan zile a, e li di kounye-a La Avàn ta dwe komanse pran kèk mezi tou, tankou libere prizonye politik yo kòm yon jès ki montre li serye pou l fè chita pale ak administrasyon ameriken an.

Gèn devlopman analis-yo te espere nan somè a ki pa rive sitou pou sa ki konsène yon chire pit Etazini ak Venezuela. Esperans sa-a sòti nan mesaj prezidan Obama te pwononse nan ouvèti Somè-a kote li te mande yon demaraj tou nèf nan relasyon Etazini ak rès peyi nan emisfè a. Diskou sa a te kreye yon atmosfè detant nan Port-Of-Spain, si se pa atravè tout kapital nan emisfè a. Malgre sa, kèk lòt lidè, tankou prezidan Bolivyen Evo Morales ak tokay Nikaragwa a Daniel Ortega pat mete dlo nan bouch-yo pou yo kritike politik Etazini ap pratike depi dè dekad nan Amerik Latin-nan.

Kèk lidè te fè tout sa yo kapab pou akomode la près peyi yo. Etazini , bò kote pa li, te rankontre ak manm près ameriken plizyè fwa. Premye Minis Kanada Stephen Harper te òganize yon pwen de près espesyal ni an angle ni an franse pou pèmèt près Kanadyen nan poze l kesyon ke yo pat gen chans mande , e ki enterese pèp Kanadyen an. Plizyè prezidan Latino ameriken te bay pwen-d-près an panyòl pou jounalis ki soti nan peyi ki pale lang sa-a. Gen lòt lidè ki te endiferan e ki pat fè oken deklarasyon la près juskaske yon tounen lakay yo.

Pou obsèvatè yo relasyon Kiba ak Etazini, Dosye Chavez ak Obama e relasyon Etazini ak lòt peyi nan rejyon an te jwen plis atansyon pandan 3 jou rankont ant chèf leta ak gouvèvman emisfè a ke sijè santral somè a--Sekirize, amelyore la vi pèp la, pwoblèm anviwonman ak enèji. Pwobableman somè sa a pare chimen an nan pwochen rankont ki pral genyen ant lidè yo nan emisfè a. Genyen chèf leta ak gouvènman ki kapab ap retounen e gen lòt kap vinn patisipe pou la premyè fwa. Atmosfè a kapab mye ke lòt yo kote yon seri de dirijan sèvi ak somè a pou atake yon lòt.

Jean Robert Philippe

Jphilipp@voanews.com

XS
SM
MD
LG