Accessibility links

Breaking News

Kritik Tonbe Sou Prezidan Obama Apre Rankont li ak Prezidan Chavez


Youn nan gran imaj Somè Dèzamerik ki sot dewoule nan Trinidad-Toboga a, se kote prezidan Etazini an Barack Obama tap ri pandan li tap bay prezidan venezuelyen an Hugo Chavez lanmen. Nan okazyon an, lidè venezuelyen an te ofri nouvo prezidan ameriken an yon liv Eduardo Galeano: “Venn tou louvri Amerik Latin nan: 5 syèk piyaj yon kontinan".

Prezidan Obama resevwa anpil kritik nan men republiken yo an patikulye pou konp̀otman zanmitay sa a ak prezidan Chavez ki toujou ap kritike Etazini e k'ap fè ankouraje santiman anti-ameriken nan rejyon Amerik Latin nan.

Prezidan Obama, bò kote pa l, kwè li te byen aji e li di li pa regrèt ke li te aji konsa ak lidè venezuelyen an.

Klike sou ralonj adwat paj la pou jwenn kèk reaksyon sou kesyon an--pami yo pozisyon prezidan Barack Obama.

XS
SM
MD
LG