Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Clinton Fè Yon Vwayaj Pozitif Ann Ayiti


Ann Ayiti, Sekretè Deta ameriken an, Hilary Rodham Clinton, pase jounen jedi 16 avril 2009 la nan kapital la, Pòtoprens, nan kad yon vizit pou l montre apui Lèzetazini pou efò devlopman kap fèt ann Ayiti.

Pou anpil obsèvatè ak kèk manm nan klas politik ayisyèn nan, se yon vizit pozitif pou Ayiti sitou lè yo konsidere plizyè anons chèf diplomasi amerikèn nan fè nan okazyon vizit sa a, tankou rapèl angajman adminsitrasyon prezidan Barack Obman pran vizavi Ayiti, yon peyi kote li ta wè pwosperite; konkou Washington pral bay Pòtoprens pou redui to chomaj la ak aplikasyon lwa " Hope 2" a , san bliye posibilite pou otorite Sèvis Imigrasyon L̀èzetazini yo akòde TSP (Stati Pwoteksyon Tanporè) an favè ayisyen kap viv san dokiman legal sou tèritwa ameriken an.

Klike sou ralonj ki anwo e adwat paj wèb la pou nou genyen kèk reyaksyon e koute lòt plizyè pwen enpòtan vizit sa a.


XS
SM
MD
LG