Accessibility links

Breaking News

Peyi Inisyativ Bolivaryen an Pral Bòykote Deklarasyon Final Somè Amerik yo


Prezidan Hugo Chavez deklare Venezuela ansanm avèk “lòt peyi-yo” pral mete veto sou kominike final Somè Amerik yo pou pwoteste kont Lèzetazini. Lidè venezuelyen an di “nasyon yo pa dakò ak kominike final la e yo pa genyen anpil atant sou rezilta Somè sa a kap demare demen nan Trinidad-Tobago.

Mesye Chavez fè deklarasyon sa a jedi nan vil Cumana, kote lap prezide Somè Altènativ Bolivaryen Pou Amerik yo (ALBA)---yon alyans komèsyal Venezuela kreye avèk Kiba.

Prezidan kiben an, Raul Castro, nan Venezuela pou li rankontre ak lidè lòt peyi ki manm Alba a. Peyi sa yo se: Bolivi, Honduras, Nicaragua ak La Dominik.

Prezidan Ekwatè ak Parague a prezan tou nan somè Alba-a antank’ obsèvatè.

Toujou nan Amerik Di Sid la : Tantativ "konplo" Kont Prezidan Evo Morales

Otorite bolivyen yo anonse lapolis “kraze” yon gwoup entènasyonal ki tap prepare yon konplo pou asasinen prezidan Evo Morales ansanm ak vis prezidan bolivyen an.

Responsab sekirite yo fè konnen 3 moun pèdi lavi yo nan yon boukantay kout zam ak lapolis nan vil Santa-Cruz, nan lès Bolivi. Lapolis arete 2 sispèk.

Otorite bolivyen yo pa founi okenn detay sou konplo a. Sepandan, yo di genyen sitwayen Ongwa pami “konplotè” ki mouri yo, plis yon sitwayen iralandè ak yon bolivyen ki te fè pati Gwoup la.


XS
SM
MD
LG