Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Obama a Leve Restriksyon Sou Vwayaj ak Lajan Nan Direksyon Kiba


Prezidan Barack Obama leve restriksyon sou vwayaj fanmi amerikano-kibèn yo nan zile a e sou transfè lajan ya’p voye nan Kiba. Desizyon sa a make yon gwo chanjman nan politik Washington vizavi La Avàn, konpare ak apwòch liy di gouvènman Bush la te adopte vizavi nasyon kominis la.

Pòtpawòl Mezon Blanch lan, Robert Gibbs, di prezidan Obama pase Depatman Deta, Trezo ak komès la enstriksyon pou yo pran tout mezi nesesè pou leve restriksyon yo.

Mesye Gibbs di mesye Obama dikte yon seri mezi depatman konsène yo dwe pran pou "lonje men" bay pèp kiben an pou kore dezi kiben yo pou yo jwi dwazimen fondamantal yo. Men Pòtpawòl la ajoute Kiba dwe fè plis efò bò kote pa li.

Otorite yo di youn nan dispozisyon administrasyon an pran se pèmèt konpayi telefòn ameriken yo aplike pou lisans pou yo ka founi popilasyon kibèn nan sèvis telefòn pòtab ak pwogram televizyon.

Pandan kanpay elektoral la, mesye Obama te pwomèt lap leve kèk nan restriksyon kap peze sou vwayaj sitwayen kiben-ameriken yo e sou lajan ya’p voye bay fanmi yo ki rete nan Kiba.

Desizyon sa a pa leve anbago ekonomik Lèzetazini mete depi 47 tan sou Kiba a.

XS
SM
MD
LG