Accessibility links

Breaking News

Yon Konferans Donatè nan Washington, DC  Pou  Ayiti


Atansyon kominote entènasyonal la ap fikse sou Ayiti madi 14 avril la isit Washington, nan moman otorite ayisyèn yo ak reprezantan plis pas yon trantèn peyi donatè ak ONG (Oganizasyon Non Gouvènmantal) ap patisipe nan yon konferans yon jounen nan lokal Bank Entè amerikèn Devlopman, BID. Premye minis ayisyen an, Michèle Duvivier Pierre-Louis, ak prezidan BID la, Luis Alberto Moreno, ap gen pou ko prezide konferans sa a kap deroule sou tèm : " Pou yon nouvo modèl kooperasyon, sous kwasans ak pèspektiv" objektif konferans sa a se renouvle patenarya entènasyonal la avèk Ayiti pou ede l' fè fas a chòk ekstèn yo ak enpak 4 dènye siklòn yo e, an mèm tan, ede l' jwenn sipò adisyonèl pou priyorite gouvènman ayisyen an.

Chèf gouvènman ayisyen an pral prezante yon pwogram relans ekonomik pou yon peryòd 2 zan ki chita sou 4 objektif prensipal: Ede Ayiti fè fas a katastròf natirel yo. Relanse ekonomi an.Ofri aksè a sèvis de baz yo Prezève stabilite kad makwo ekonomik laObjektif sa yo vize plizyè sektè priyoritè tan kou wout, enèji, agrikilti, edikasyon, sante ak pwotekson basen vèsan yo pou yon anvlòp 900 milyon dola. Pwojè yo soti nan Dokiman Strateji Nasyonal pou Kwasans ak Rediksyon Povrete a, DSNCRP.

Pwogram sa a gen pou objektif jenere 150 mil djòb epi ankouraje envestisman nan sektè tankou enfrastrikti ak endistri sou tretans. Sekretè jeneral lONU an, Ban Ki-moon, sekretè jeneral OEA a, José Miguel Insulza, minis kanadyen kooperasyon entènasyonal la, Beverly Oda, sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, direktè jenereal adjwen FMI an,Takatoshi Kato, ak direktè jeneral Bank Mondyal la, Juan Jose Daboud ap gen pou pran lapawòl nan premye pati konferans sa-a. Premye minis ayisyen-an, Michele Duvivier Pierre-Louis, swete jwenn 125 milyon dola nan men bayè de fon yo pou finanse bidjè 2008-2009 la. Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman (PNUD), Fon Monetè Entènasyonal ak Komisyon Europeyèn nan peyi Dayiti di yo dejà dakò pou apiye demand madam Pierre-Louis a.

Reprezantan FMI an nan Pòtoprens, Hugo Fassano, di li pare pou konvenk bayè de fon yo pou bay Ayiti asistans finansyè li bezwen pou anpeche leta a efondre. Apremidi 14 avril la ap gen yon kalandrye chaje.Ansyen prezidan Bill Cliton gen pou pran lapwòl. Pwofesè Paul Collier ki soti nan Univèsite Oxford ann Angletè ap gen pou fè yon prezantasyon sou pèspektiv ekonomik yo pou peyi Dayiti.

Premye minis Ayisyen-an ap gen yon chita pale ak ONG yo. Delege peyi Donatè yo, bò kote pa yo, ap reyini pou deside ki kantite lajan yo pral pwomèt Ayiti e ki oryantasyon yo pral bay kooperayson yo avèk gouvènman Preval-Pierre-Louis a.Minis finans ayisyen an, Daniel Dorsainvil, minis planifikasyon an, Jn Max Bellerive ak Vice-Président ekzekitif de la BID, Daniel M. Zelikow ap gen pou prezante rapò ak konklizyon final konferans la.

XS
SM
MD
LG