Accessibility links

Breaking News

Manifestasyon nan Pòtoprens Kont Dirijan Foutbòl Peyi a


Foutbòl / Ayiti

Ann Ayiti toujou, plizyè ansyen foutbolè ki te fè pati seleksyon nasyonal la manifeste yè Jedi a sou teren Estad Silvyo Cator a pou yo mande demisyon prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen an, Yves Jean Bart.

Ansyen foutbolè yo ap pwoteste kont sa yo konsidere kòm move jesyon responsab ki nan tèt federasyon an. Yon boutantay kout wòch te dewoule ant pwotestatè yo avèk fanatik ki te al asiste yon rankont ant Vyolèt Atletik Klib ak Viktori. Nouvèl yo pa rapòte ni blese ni dega.

Depi kèk tan deja, obsèvatè nan plizyè sektè ap mande demisyon prezidan federasyon an ---pami yo genyen responsab Ministè Spò a, Evans Lescouflaire. FIFA te eseye jwenn yon atant ant pati konsène yo. men san oken suksè. Nan yon nòt msye Jean Bart fè parèt, li fè konnen pa gen oken pwoblèm ant dirijan federasyon an ak Ministè dès Spò. Nan nòt la, msye Jean Bart di federasyon an pa kapab fè anyen san asistans gouvènman an; donk 2 pati yo gen plis enterè pou jwenn amoni ke divizyon ki pap mennen foutbòl aysiyen an okenn kote.

Konfli sa a pete nan moman Ayiti ap pare pou l patisipe nan Koup Dò KONKAKAF la nan mwa Jiyè pwochen an o Zetazini. Antrenè seleksyon nasyonal la, Kolonbyen Jairo Antonio, espere ti dife boule sa a pap afekte preparasyon Grenadye yo ki gen pou rankontre ak Onduras, La Grenad epi Lèzetazini nan group B a.

Nan 2èm. tou eliminatwa Lig Chanpyon pou zòn Karayib la, klib ayisyen Cavaly de Leogane ap rankontre klib Trinidadyen W Connection le 13 Avril. Match retou a fikse pou 20 Avril nan peyi Dayiti. Tanpète de SainT Marc, bò kote pa l,gen pou l jwe ak Greenbay Hoppers le 20 Avril. Match retou a fikse pou 1 Me.

UEFA / Foutbòl

2 klib foutbòl alman, Hambourg ak Werder de Brem, twouve yo sou wout kalifikasyon yo nan semi final UEFA a apre viktwa yo chak ranpòte nan chanpyona ewopeyen an. Hambourg kale klib angle Manchester City nan match-ale ka de final la (skò a se 3 a 1), tandiske Werder de Brèm, li-menm, bay klui Italyen Udinese yon leson nan yon match jwè Brèm yo ranpòte sou yon skò 3 a 0. Nan lòt match-ale ka de final la, klib ikrenyen Shakhtar Donetsk make 2 pwen kach sou ekip franse Marseille ki pèdi sou yon skò 2 a 0. Dinamo de Kyèv fè match nil (0 a 0) ak Paris Saint Germain. Ak rezilta rankont sa yo, li posib pou 2 klib alman ak 2 klib ikrenyen jwenn kalifikasyon yo pou semi final la.

Baskètbòl

Kobe Bryant make 33 pwen pou l ede Los Anjeles Lakers ranpòte yon viktwa 116 a 102 devan Denver Nuggets. Sa fè 8 tièm viktwa afile Lakers ranpòte. Konsa ekip Phil Jakcson ap dirije a twouve l egal-ego avèk Cleveland Cavaliers pou yon total 63 viktwa ak 16 defèt nan moman n ap rapwoche fen sezon regilye a. Nan lòt rankont ki dewoule jedi swa nan chanpyona baskèt pwofesyonèl ameriken an: Chikago Bulls fè 2 pwen sou Philadelphia 76ers ke li kale sou yon skò113 a 99, slòske Houston Rockets ranpòte laviktwa (115 a 98) sou Sakramento Kings.

TENIS / Espay

Nimewo 4 mondyal lakay medam yo, sèb Jelena Jankovic, pat rankontre oken difikilte pou l jwenn kalifikasyon n pou ka-de-final touwna tenis Andalusi a nan peyi Lespay ; manmzèl kale Tunizyèn Selima Sfar sou yon skò 6-3, 6-0. Aprè viktwa sa a, Jankovic pral rankontre ak Italyèn Roberta Vinci. Estonyèn Kaia Kanepi kalifye tou pou ka-de-final la gras ak yon viktwa 7-5, 6-2 li ranpòte sou Olandèz Arantxa Rus. Nan pwochen faz la, Kanepi pral rankontre ak woumèn Sorana Cirstea pou wè kilès nan 2 a ki pral pouse pou pi devan nan Andalousi.

Yon lòt kote, espayòl Carla Suarez Navarro te jwenn mwayen remonte pant la pou l kale Rus Ekaterina Ivanova ki te ranpòte premye sèt la. Rezilta final la se : 0-6, 6-3, 6-0, pou miss Suarez ki pral rankontre ak tchèk Klara Zakopalova nan ka-de-final la ; Miss Zakopalova, li-menm, elimine nimewo 1 mondyal la, amerikèn Serena Williams. Lòt match ka-de-final la ap mete fas a fas Italyèn Sara Errani ak espayòl Anabel Medina Garrigues. Venkè tounwa a ap mete nan pòch li plis pase 112 mil dola.

Danwaz Caroline Wozniacki kalifye pou ka-de-final yon tounwa tenis kap dewoule nan Ponte Vedra Beach, nan Eta Florid, isit o Zetazini, apre viktwa 6-3, 7-5 li ranpòte devan fransèz Virjinie Razzano.

SIKLISM ANN ESPAY

Siklis swis Michael Albasini ranpòte 4èm. etap kous bisiklèt Tour Bask la ann Espay tandiske chanpyon an tit la, espayòl Alberto Contador, toujou nan tèt klasman jeneral la.

Jean Robert Phipple (jphilipp@voanews.com)

Washington D.C.

XS
SM
MD
LG