Accessibility links

Breaking News

Ayiti / Koup Dò KONKAKAF la


Ayiti/ Koup Dò KONKAKAF

Antrenè seleksyon nasyonal ayisyen an Kolonbyen Jairo Antonio di li espere ak yon bon preparasyon Grenadye yo kapab kalifye pou kar de final koup dò KONKAKAF la kap dewoule isit Ozetazini: ” Nou gen yon pakèt bon jwè ki kapab pèmèt nou kalifye pou pwochen faz la. Si n kapab jwen sèvi 8 pami yo ayisyen kap evolye nan klub etranje yo,nou kapab fè bèl figi. Si n byen prepare epi pran angajman an oserye nou prèske sèten nap travèse faz kap premye tou a."

Antrenè Jairo Antonio, ki te pale ak nou depi Orlando eta Florid di li ta renmen tout jwè, ki konvoke yo disponib le 10 Jwen pou l kapab gen yon ide ekzat sou fòmasyon ki pral afwonte Honduras, Grenad ak Etazini nan premye tou a–yon group dapre antrenè a ki difisil pou seleksyon nasyonal la ki ranplase Kuba nan konpetisyon an. Ayiti gen pou l jwe 2 match amikal kont Republik Dominikèn ak Jamayik avan lal patisipe nan yon staj dantrenman a Kuba soti 1 pou rive 30 Jwen.

Trinidad-Tobago/Maturana

Kolonbyen Francisco Maturana ap chache yon lòt travay apre li fin bay demisyon n nan tèt seleksyon nasyonal foutbòl Trinidad-Tobago a. Nouvèl demisyon sa a parèt apre defèt 3 a 0 Socca Warriors yo te sibi devan 11 nasyonal Lèzetazini an semèn pase a. Trinidadyen yo, ki klase an dènyè pozisyon ak yon pwen nan ekzagonal final KONKAKAF la, kapab rate chans pou yo jwenn kalifikasyon yo pou faz final Mondyal Afrik-di-Sid 2010 la. Mitan teren seleksyon an, Russell Latapy, jwenn nominasyon n kòm antrenè pwovizwa ann atandan Federasyon Foutball trinidadyen an chwazi yon nouvo antrenè pou pòs la. Trinidad gen pou l resevwa Kosta Rika nan dat 6 jen pwochen an avan li fè deplasman an o Meksik 4 jou apre –swa le 10 jen.

KONKAKAF/ Lig Chanpyon

Viktwa 3 a 1 klib Meksiken Atlante ranpòte mèkredi 8 avril la sou Santos pèmèt li pran tikè l pou final Lig Chanpyon KONKAKAF la. Atlante ap rankontre yon lòt klib Meksiken, Cruz Azul, ki elimine Puerto Riko Islanders sou penalite. Final ale a pral dewoule nan dat 22 avril. epi match-retou a fikse pou 29 avril.

FIFA/ WADA

Yon lòt kote, FIFA rive jwenn yon atant akseptab ak Ajans Anti-Dopaj Mondyal la sou fason pou yo fè tès depistaj dwòg anabolizan sou foutbolè yo. FIFA di ajans la aksepte yon plan federasyon entènasyonal la mete devan n pou l limite kantite jwè ki dwe bay enfòmasyon sou aktivite chak jou yo apre sezon foutbòl la. Antant la konsènen sèlman sa yo rele:« foutbolè a risk yo » --sètadi foutbolè ki te deja teste pozitif ou byen sa yo ki blese. FIFA ak Ajans Anti-Dopaj Mondyal la konsidere antant sa a kòm yon akò lapè. Responsab yo pral swiv pou wè kijan aplikasyon pwopozisyon an ap mache ane sa a avan ajans la deside si wi ou non li dwe chanje teknik li itilize pou l fè tès anti-dopaj yo an 2010.

Etazini/ Koup di Mond 2018 ak 2022

Komite kap mennen kanpay pou Lèzetazini ta òganize swa Koup di Mond 2018 la, swa Mondyal 2022 a, ekri responsab 70 vil ki gen estad foutbòl pou mete yo okouran demach yap fè pou yo konnen si wi ou non estad sa-yo satisfè kondisyon ki nesesè pou match nan nivo mondyal dewoule ladan yo. Kèk nan estad te deja sèvi pou koup di mond Lèzetazini te òganize an 1994 la. Gen lòt yo te konstwi apre epòk sa a, tandiske responsab yo pral konstwi kèk lòt nan ane kap vini la yo.

LIG KLIB CHAMPYON

Sou kontinan ewopeyen an: Chelsea ranpòte yon viktwa-sipriz sou Liverpool ke li kale sou yon skò 3 a 1 nan match-ale ka-de-final Lig Klib Chanpyon an. Nan Barselòn, jwè ajanten Leonel Messi make 2 gòl e misye fè yon pas ki pèmèt yon ko-ekipye make yon lòt gòl pou yo bay FC Barselòn laviktwa sou Bayern Munick. Skò final la se 4 a 0. Camerounè Samuel Eto’o ak franse Thierry Henry, yo chak make yon gòl nan viktwa sa a.

Etazini/Baskètbòl

Aktivite ki dewoule yè swa nan kad chanpyona regilye asosyasyon baskètbòl pwofesyonèl la o Zetazini: Lebron James make 21 pwen pou l ede Cleveland Cavaliers ranpòte yon viktwa 98 a 86 sou Washington Wizards. Sa fè mesye Cavaliers yo 38 viktwa ak yon defèt a domisil pandan sezon an. Nan Dallas, alman Dirk Nowitzki make 31 pwen pou l ede Dallas Mavericks kale Utah Jazz sou yon skò 130 a 101; viktwa sa a bay Dallas kalifikasyon n pou faz final la. Anfen Portland Trail Blazers kale San Antonio Spurs. Skò final la se: 95 a 83.

Jean Robert Philippe (jphilipp@voanews.com)

Washington,DC

XS
SM
MD
LG