Anbasadè Etazini an nan Nasyonzini, Susan Rice, di Washington pral kontinye fè presyon pou Konsèy Sekirite a adopte yon Rezolisyon pou kondane lansman sa li sispèk ki se yon Fize Long pòte Kore Di Nò voye nan lespas pandan week-end nan.
Madam Rice di chèn televizyon amerikèn yo jodi a ke Washington vle pou Konsèy Sekirite a “pran an kont” ke Kore Di Nò vyole yon rezolisyon L’ONU ki entèdi li fè tès misil balistik (kidonk misil ki ka tire lwen) e ke li dwe fè fas ak konsekans aksyon sa a. Diplomat la te di yè, Lèzetazini genyen kè sote pou Pyongyang pa vann teknoloji missil balistik nan lòt peyi.
Nan yon sesyon ki te dire twazèdtan yè, manm Konsèy Sekirite a pat rive mete yo dakò sou fason yo dwe reponn aksyon Kore Di Nò a.
Senatè John McCain, sou bò pa l, egzòte Larisi ak Lachin mete plis presyon sou rejim Kim Jong-il la pou li sispann aktivite li yo.
Pou w koute repòtaj nou an, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.