Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Anonse Li Pral Chèche Yon Mond San Zam Nukleyè


Lidè ewopeyen yo pran angajman pou yo apiye politik tou nèf prezidan ameriken an, Barack Obama, anonse pou Afganistan an. Dirijan ewopeyen yo fè pwomès sa a nan moman yo rasanble nan peyi Lalmay pou yon somè kap make 60 èm. anivèsè fondasyon Oganizasyon Trete Atlantik Nò-a (l’OTAN). Chansleye alman an, Angela Merkel, bay misye Obama garanti ke Almay pral pran responsablite l' nan Afgnistan. Anvan sa, prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, te pote apui pa l' tou bay strateji tou nèf Washington nan, avèk angajman li pran pou Lafrans patisipe nan fòmasyon polis afgàn nan ak nan rekonstruksyon Afganistan.

Yon lòt kote, Prezidan Barack Obama–--ki te nan vil Strasbourg an Frans, kote yon pati nan somè l’OTAN an ap dewoule---fè konnen anvan lontan li gen pou l prezante yon plan kote li pral chache yon mond san zam nukleyè. Pandan lidè ameriken an tap pale ak yon gwoup etudyan nan yon sant spòtif nan vil Strasbourg, li di vòl materyo ou zam nukleyè nan yon peyi kapab debouche sou destriksyon nenpòt vil sou planèt la. Misye Obama kontinye pou l di li pral bay detay sou plan li an vil Prag, dimanch kap vini la a. "Week-end sa a, nan vil Prag, mwen pral prezante yon pwogram pou m' reyalize yon objektif: se yon mond ki pap genyen zam nukleyè ladan n'.

Se premye fwa misye Obama tap reponn kesyon publik la nan yon peyi etranje, yon fowòm kote li gen anpil suksè isit o Zetazuni. Pandan li tap reponn kesyon yon etudyan fransè, li te touche yon sujè ki pa enkoni ditou pou ameriken ki te swiv kanpay elektoral li a: se tèm “chanjman”, “responsablite” ak “nouvo depa”. Lidè Etazini an di "Mwen vini an n' Ewòp semèn sa a pou m' renouvle asosyasyon nou an: se yon asosyasyon kote Lèzetazuni rete koute, li aprann nan men zanmi ak alye li yo; men se yon asosyasyon tou kote zanmi ak alye nou yo genyen pou yo fè yon pati nan travay la".

Anvan prezidan Obama te patisipe nan sesyon kesyon-repons sa a ak etudyan yo, li te fè yon chita-tande ofisyèl avèk prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, ki, pwomèt Lafrans ap apiye nouvo politik Lèzetazuni vizavi Afganistan ak Pakistan an.


XS
SM
MD
LG