Accessibility links

Breaking News

Somè G-20 an Bout: Prezidan Obama Di Gen Yon Antant Pou Prevni Yon Lòt Gwo Kriz Ekonomik Mondyal


Prezidan ameriken an, Barack Obama, fè konnen somè G-20 ki fèk rive nan bout li a pral reprezante yon pwen kle nan demach pou fè ekonomi mondyal la rekanpe sou 2 pye l. Lidè ameriken an fè kòmantè sayo apre li fin dakò pou Lèzetazini ogmante asistans lap bay peyi pòv yo, epi ranfòse regleman ak kontwòl ki egziste nan sistèm finansye a.

Bò kote pa l, Premye Minis britanik la, Gordon Brown, deklare lidè Gwoup 20 yo antann yo sou yon pwogram ki pral chache wetire lemond nan resesyon ekonomik li twouve l kounye a, kreye travay, epi enpoze plis regleman sou mache finansye yo.
Msye Brown di, “Nou kwè ke pwoblèm mondyal egzije solisyon mondyal. Nou kwè pou kwasans la ka kenbe pandan lontan, fòk li pataje. E, yon fwa ankò, echanj komèsyal yo dwe tounen motè kwasans la.”

Premye Minis Gordon Brown anonse ke G-20 an pral mete 1-trilyon dola anplis nan ekonomi mondyal la. Pifò lajan sa a pral jwenn Fon Monetè Entènasyonal, pou ede nasyon ki plis frape nan kriz la. Lidè yo pran angajman pou yo siveye de prè bank yo, ajans kap bay kanè pou kapasite kredi enstitisyon yo, lajan direktè konpayi yo ap resevwa, elatriye.

XS
SM
MD
LG