Accessibility links

Breaking News

Ayiti Koripsyon: ULCC Rejte Agiman Palmantè Ayisyen yo Sou Dosye ONA a


Inite lit Kont Koripsyon nan peyi Dayiti, ULCC, ki sot piblye yon rapò sou detounman lajan, rejte agiman kèk palmantè ayisyen itilize pou jistifye lajan yo te resevwa nan men yon ansyen direktè Fon d pansyon Ofis Nasyonal Asirans viyeyès, ONA. Chanm depite ayisyen an konvoke minis finans la, Daniel Dorsainvil ak direktè ULCC a, Amos Durosier, semèn sa a pou vinn founi yo eksplikasyon sou rapò sa a.

Rapò inite Lit kont Koripsyon, ULCC, sot piblye sou detounman lajan Fon d pansyon Ofis Nasyonal Asirans Viyeyès, ONA, pwovoke anpil endiyasyon nan palman ayisyen an. Prezidan chanm depite a, Levallant Louis-eune, ki gen non l nan rapò sa a konvoke pou madi 31 mas la minis finans ayisyen an, Daniel Dorsainvil, ak direktè ULCC a, Amos Durosier, pou vinn founi palmantè yo eksplikasyon sou rapò sa a.

Daprè rapò ULCC a, 49 depite ak 5 senatè te resevwa nan men ansyen direktè ONA a, Sandro Joseph, plizyè santèn milye goud nan ane 2007 la pou òganize Kanaval nan komin yo.

Prezidan chanm depite a deklare: "Lajan sibvansyon palmantè yo te resevwa a pa ka figire nan rapò sou koripsyon ULCC a paske yo pat itilize lajan an pou regle afè pèsonèl yo. Levaillant Louis-Jeune mande Daniel Dorsainvil ak Amos Durosier pou yo vinn eksplike asanble depite a, jou kap madi premye avril la, diferans ki genyen ant sibvansyon ak koripsyon."

ULCC pat pèdi tan pou reponn palmantè yo. Nan yon entèvyou li bay Lavwadlamerik, prezidan ULCC a, Amos Durosier, deklare: "Mwen pa ka konsidre lajan palmantè yo resevwa a kòm yon sibvansyon paske se pa yon sibvansyon." Mesye Durosier mete an kesyon otorite ak pwovizyon legal ansyen direktè ONA a, Sandro Joseph, nan dosye sa a. Responsab ULCC a di: "Si palmantè yo te mande ONA sibvansyon, yo dwe pote prèv yo devan jij denstriksyon an."

Amos Durosiers ki pral akonpaye minis finans la, Daniel Dorsainvil nan palman an madi 31 mas la, di li pare pou defann rapò li a. "Direktè jeneral ULCC a di: "Mwen verifye tout dokiman yo, mwen gen kopi chèk ak siyati tout mounn bank santral te voye ban mwen. Mwen remèt komisè gouvènman an tout prèv yo."

Ansyen direktè ONA a, Sandro Joseph, ki enkilpe pou blanchiman lajan li detounen nan kès enstitisyon sa a, nan prizon sou kont jij enstriksyon an, Yves Altidor. Plizyè santèn milye goud te disparèt nan kès ONA, ogàn sekirite sosyal ki chaje pou jere fon d pansyon anplwaye sektè prive yo.

XS
SM
MD
LG