Accessibility links

Breaking News

Washington ak Tokyo Kondane Plan Kore di Nò genyen pou l Lanse yon Fize nan Lespas


Youn nan gwo nouvèl jounen an sou plan mondyal, se preparasyon Kore di Nò ap fè pou l lanse yon fize nan lespas. Reyaksyon sòti nan anpil peyi pou kondane posiblite sa a, paske daprè kèk gouvènman, sa ta reprezante yon pwovokasyon e yon menas pou lòt peyi nan rejyon azyatik la, e se tap yon vyolasyon resolisyon Konsèy Sekirite l'ONI an te pran kont pwogram nikleyè nò-koreyen an.

Kondanasyon konsa sòti nan vil Washington kote pòtpawòl Mezon Blanch la, Robert Guibbs, pale klè pou l lanse yon pinnga bay Pyongyang, e se menm reyaksyon an ki tonbe nan kapital Japon an, Tokyo, kote minis defans la, Yasukazu Hamada, fè konnen gouvènman an deja bay lame peyi a pèmisyon pou l entèsepte tout debri fize --oubyen menm yon fize ankè-- Kore di Nò ta lanse, si responsab militè japonè yo fin pa wè gen posiblite pou debri sa yo
oubyen fize a tonbe sou tèritwa japonè a.


XS
SM
MD
LG