Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Obama a Ap Chèche Plis Otorite Pou l' Siveye Konpayi Finansye yo


Gouvènman Obama a ap chèche “plis pouvwa” pou’l monitore gwo konpayi finansye yo, reglemante kantite risk yo ka pran epi mete opwen yon systèm “òdonne” pou’l pran kontwòl konpayi ki poze yon risk pou systèm finansye a. Chanjman sa yo bezwen apwobasyon Kongrè a, e jedi 26 mas la sekretè trezò a, Thimothy Geithner, prezante kèk detay pwopozisyon sa yo pandan yon seyans depozisyon nan Kongrè.

Gouvènman federal la deja genyen pouvwa pou’l sezi bank kap fè fayit yo, achte move prè yo te fè kliyan epi enstale nouvo manadjè alatèt yo. Nouvo pwopozisyon yo pral pèmèt gouvènman an itilize menm pwosede a pou lòt enstisyon finansye, tankou jeyan konpayi asisrans echwe AIG.

Pandanstan, kantite ameriken ki pap travay e kap chèche asistans nan men leta bat yon lòt rekò ankò semèn ki sot pase la a. Rapò Depatman Travay la ki soti jedi montre gen apeprè 5.6 milyon moun kap benefisye asistans depi plis pase yon semèn.

Nouvo moun ki al enskri pou jwenn èd semèn pase a, monte a 8 mil, sa ki mete chif total la a 652 mil.

XS
SM
MD
LG