Accessibility links

Breaking News

Sekretè Deta Hillary Clinton Nan Peyi Meksik Pou'l Fè Chita-Koze ak Lidè Meksiken yo


Sekretè Deta Hillary Clinton ap fè yon vizit nan peyi Meksik kote li pral fè chita-koze a wo nivo ak otorite meksiken yo sou fason yo ka lite kont katèl dwòg puisan kap opere atravè nasyon aztèk la ak sou ogmantasyon vyolans (ki gen pou wè ak dwòg) kap vale-teren sou fwontyè amerikano-meksikèn nan. Chèf diplomasi Etazuni an rive mèkredi nan kapital meksikèn nan, Meksiko, kote li dwe fè chita pale ak prezidan Felipe Calderon e ak minis afè etranjè a, Patricia Espinosa.

Clinton ak prezidan Calderon sipoze diskite sou mezi gouvènman meksiken an pran pou sere-boulon katèl dwòg yo e sou efò Etazini ak Meksik ap deplwaye ansanm pou demantle gang trafikan yo.

Mme. Clinton fè pati yon ekip gwo responsab nan administrasyon amerikèn kap vizite Meksik pou prepare yon somè 2 jou prezidan Barack Obama gen pou fè ak prezidanb Calderon nan mitan mwa avril la. 2 peyi vwazen yo gen yon pakèt gwo kesyon pou yo abòde--pami yo kesyon komesyèl ak imigrasyon ilegal. Sepandan, depi kèk tan se vyolans ki lye ak trafik dwòg nan vil meksikèn ki sou fwontyè 2 nasyon yo pataje ak mezu drastik gouvènman Calderon nan, ki domine pwogram ko-operasyon Etazini/Meksik la .

Sekretè Deta adjwen ameriken an Jim Steinberg di "nouvo administrasyon an konsidere relasyon Washington ak Meksiko kòm rapò ki trè zenpòtan, e sa reklame anpil-anpil atansyon bò kote 2 kapital yo. Mesye Steinberg deklare ” prezidan an deja devlope pwòp relasyon ni ak prezidan Calderon. Le fèt ke li pral fè yon vizit nan Meksiko anvan Somè Dè Zamerik la, atire atansyon sou enpòtans nou bay relasyon nou ak Meksik. E Sekretè Deta a vle vrèman siyale nou genyen yon pakèt gwo defi devan nou -- tankou, ranfòsman respè pou lalwa, lit kont trafik dwòg, trafik zam ak fenomèm vyolans lan. Nou vlè valorize Meksik kòm yon bon patnè ak lidèchip prezidan Calderon montre nan desizyon kourajeu li pran devan defi sa a".

Plan administrasyonan te devwale madi a lanse apèl pou plis ajan federal, plis ekspè ak plis ekipman sou fwontyè amerikano-mesikèn nan pou anpeche kagezon dwòg ak zam pran direksyon Etazini e bloke tou lajan dwòg kap pran lòt direksyon.

Yon lòt kote, prezidan Barack Obama rankontre mèkredi apre midi 25 mas la ak lejislatè demokrat nan Sena a pou eseye konvenk senatè kap kritike li yo (repibliken kou demokrat) aksepte pwopozisyon budjè 3 trilyon 55 milya dola li a. Msye Obama te ale nan lokal Kongrè a apre midi a pou’l fè chita pale avèk yo. Apre sa, prezidan an di jounalis yo “rankont la te dewoule trè byen”, san’l pa bay plis presizyon. Nan yon Konferans pou lapress li bay yè swa nan Mezon Blanch lan, prezidan an te di li wè “siy pwogrè” nan lut administrasyon li an ap mennen pou wete Lèzetazini nan resesyon ekonomik li plonje kounye a, men li te di pa genyen solisyon “mirak” pou pwoblem nan.

Opozisyon repibliken an ak kèk manm pwòp Pati demokrat prezidan Obama a koumanse ap kritike pi plis “ pwopozisyon-budjè” chèf Mezon Blanch lan ansanm ak katedral defisi li prevwa gouvènman federal la pral anrejistre.

Pou fini, lidè repiblik Tchèk la e ki se an menm tan prezidan Inyon Ewopeyèn nan kritike plan relans ekonomik prezidan Barack Obama a--plan ke’l kalifye kòm youn wout kap mennen direkteman nan "lanfè". Premye minis Mirek Topolanek di "Lèzetazini pral oblije prete telman lajan pou finanse plans relans li-an e pou ede sektè bankè a ke sa pral nui flo kapital sou mache finansye yo".

Nan yon diskou li pwononse devan Palman ewopeyen an nan vil Strasbourg, msye Topolanek akize tou gouvènman Obama a deske lap pratike “pwoteksyonism” lè nan plan relans li an li ekzòte sitwayen yo “achte pwodui ameriken” kòm youn nan mwayen pou remete ekonomi peyi a sou ray. Lidè tchèk la di “ Inyon Ewopeyèn nan nan le pase te refize aplike kalte politik sa yo”.

NB: Si nou bezwen nouvèl sou pwen kap fè aktyalite a nan peyi Dayiti, ale agòch paj sa a e klike anba bannyè AUDIO a Pwogram nou ta renmen koute a.

XS
SM
MD
LG