Accessibility links

Breaking News

Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwazimen Kritike Kòd Obsèvasyon KEP a


Yon òganizasyon imanitè endepandan nan peyi Dayiti, POHDH (Platfòm Òganizasyon Ayisyen Defans Dwazimen) denonse kòd obsèvasyon Konsèy Elektoral Pwovizwa a mete an plas pou obsèvatè kap vinn suiv dewoulman eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril pwochen yo. Antonal Mortime, Sekretè Ekzekitif POHDH eksplike nan mikwo Lavwadlamerik 3 pwen ki selon li, kreye pwoblem e ki ka reprezante yon jennman e mete endepandans ak sekirite òganizasyon ak moun ki pral suiv vòt la an danje.

Sou ralonj ki anlè adwat Paj Wèb sa a nou ka koute eksplikasyon msye Mortime yo.

Antretan, korespondan nou Clarens Renois fè n' konnen depi vil Pòtoprens ministè Finans Ayisyen antann li ak Komisyon finans 2 chanm palman ayisyen an sou bidjè ekzèsis fiskal 2008-2009 la. Dapre devlopman sa-a bidjè sibi yon revizyon "à la baisse", sètadi sòt a 97 milya goud, li pral pase a 80 milya. Clarens ap di sanble ke pou konble "rediksyon" sa a, Ayiti konte fè apèl a Kominote entènasyonal la pandan Konferans Bayè De Fon yo ki pral dewoule mwa pwochen an isit Washington.

Anfen, Jean-Max Blanc va pale'n de yon seminè Sèvis Kreyòl la ak Anbasad Amerikèn mete sou pye nan Pòtoprens sou kouman jounalis ak repòtè kapab kouvri kesyon ki gen rapò ak la sante, maladi enksyeuz e mikwobyèn, rezistans a sèten medikaman. Seminè sa a ap dewoule nan Otèl Montana nan Pòtoprens. Jean-Max Blanc se youn pami divès korespondan ak jounalis ayisyen ki te prezan pou premye jounen an, lendi 23 mas la. Ale sou ralonj anwo, adwat paj la pou plis detay.


XS
SM
MD
LG