Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama Pral Travay ak Ispanik nan Kongrè a Sou Imigrasyon


Prezidan Barack Obama rankontre mèkredi a ak manm Caucus ispanik la nan kongrè Etazini an, sètadi group depite ispanik nan kongrè Etazini an. Pami kesyon ki te fè sijè diskisyon yo, te genyen imigrasyon.

Msye Obama eksplike kijan li pral travay avèk group Congressman ispanik yo pou fè-fas ak enkyetid yo genyen konsènan imigrasyon a kour e a lon term.

Msye Obama anonse yon vizit li pral fè nan peyi Meksik mwa pwochen an, pou l rankontre ak prezidan Calderon. 2 lidè yo pral fè diskisyon sou lit Meksik ap mennen kont trafik dwòg la, ak refòm nan domèn imigrasyon.


XS
SM
MD
LG