Accessibility links

Breaking News

Nan Depatman Deta, Ochan Pou Fanm Vanyan!


Sekretè Deta ameriken an, Hillary Clinton, onore 8 fi ki soti nan plizyè peyi nan lemond avek twazyèm trofe Sekreté Deta a pou « Fanm Entènasyonal ki gen Kouraj”.

Premyè Dam Etazini an, Michelle Obama, te asiste seremoni an. nan lokal Depatman Deta a kote Madan Clinton di: «Nou tou senpman paka rezoud pwoblèm mondyal n'ap konfwonte yo, koumanse sou kriz finansye mondyal la pou rive sou risk chanjman klima a poze, grangou k'ap kontinye vale teren, maladi ak povrete k'ap detwi enèji ak talan plizyè santèn milyon moun, lè mwatye nan popilasyon mondyal la rete dèyè.»

Chèf diplomasi amerikèn nan te onore fanm ki soti nan peyi Guatemala, Afghanistan, Irak, Malezi, Niger, Larisi, Ouzbekistan ak Yemen.

Madan Obama te pran lapawòl tou nan okazyon an, mèkredi apremidi. Si ou vle tande sa l'te di, ansanm ak deklarasyon Sekretè-Deta a, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la kote w ap jwenn yon tèks Jacques Jn-Baptiste.

XS
SM
MD
LG