Accessibility links

Breaking News

Paj Spò: Yon Vizyon pou Karayib la


Yon Vizyon pou Karayib la

"Vizyon Karayib," se yon plan Inyon Football Karayib la prepare pou ede peyi manb òganizasyon an devlope aktivite ki gen rapò ak football nan rejyon an. Plan an touche domèn devlopman foutbolè yo, administrasyon federasyon yo ak marketing. Prezidan Inyon Football Karayib la, Jack Warner, mande manb òganizasyon football rejyonal la pou yo chache fason pou amelyore aktivite yo nan pwòp peyi yo. Plan “Vizyon Karayib la,” se rezilta yon etid ki te dire 2 zan, aprè yon pwopozisyon kongrè 2007 la te adopte pou amelyore spò nan rejyon Karayib la.

Plan an tabli objektif federasyon yo dwe reyalize tankou kreye yon sekretarya jeneral ak yon pèsonèl pèmanan ki dwe travay a plen tan ak yon biwo. Plan an prevwa tou devlopman foutbòl pou jèn yo, kòmanse nan jèn ki gen mwens ke 11 zan yo. Plan « Vizyon Karayib la,» ki gen 10 paj, touche 8 lòt domèn tankou lisans pou club foutball yo, òganizasyon konpetisyon pou kategori senior, antrenman ak devlopman teknik, seleksyon nasyonal yo, relasyon publik ak marketing, relasyon ak ajans gouvènmantal e òganizasyon non gouvènmantal yo, patwonaj komèsyal, ankadreman medikal pou sa k konsène medsinn spòtif, nutrisyon ak yon pwogram anti dopaj.

Responsab Inyon Football Karayib la, Jack Warner, rekonèt kèk nan pwogram sa yo déjà ekziste nan kèk pami peyi manm òganizasyon Inyon Football Karayib la. Li mande pou chak peyi mennen pwòp ankèt li sou fason tranzaksyon finansye yo dewoule, pou konnen si wi ou non depans yo fèt nan bon kondisyon pou kapab detèmine sektè ki bezwen plis atansyon yo.

Yon fwa federasyon lokal yo idantifye zòn ki gen feblès yo, daprè plan « Vizyon Karayib la, » yo dwe devlope strateji pou rezoud pwoblèm yo ak asistans ki disponib nan Inyon Football Karayib la. Msye Warner mande komite ki travay sou pwogram « Vizyon Karayib » la pou rankontre ak Sekretè Jeneral CONCACAF la, Chuck Blazer, pou devlope yon plan pou prezante pandan dewoulman kongrè CONCACAF la nan Bahamas le premye Jen.*

Yon lòt kote, daprè enfòmasyon ki parèt sou sit web FIFA a, www.fifa.com, Espay toujou nan tèt klasman jeneral FIFA publiye chak mwa a. Klasman sa a baze sou yon total 52 rankont ki jwe apre dènye piblikasyon òganizasyon foutbòl mondyal la te fè mwa pase a. 41 pami rankont sa yo se te match amikal ; 11 pami yo se te match kalifikatif koup du mond FIFA a epi lòt rankont la ant Ostrali ak Koweit se te yon match kalifikatif pou koup Azyatik la. Jiska dat piblikasyon sa a, yon total 135 match football dewoule sou planèt la depi kòmansman ane a.

Espayòl yo klase an premyè pozisyon ak 300 pwen an plis devan Almay, aprè sa, nou jwen la Oland ki klase an 3 zièm ; aprè sa, nou jwenn Itali, Brezil, Arjantin, Kwoasi la Rusi, Angletè. Portugal li menm retounen pami 10 premye seleksyon mondyal yo, aprè 3 mwa absans. La Tuki pèdi plas li pou l klase an 11 zyèm pozisyon. Nan CONCACAF la Etazuni klase 17 tièm, Meksik okipe 23 zièm plas la devan Kosta Rika ki amelyore pèfòmans li pou l klase an 32 zyèm pozisyon. Honduras klase 40 triyèm. Jamayik klase 70 zyèm devan Trinidad and Tobago ki okipe 75 zyèm plas la. Kuba, ki pap patisipe nan koup dò CONCACAF la ankò, klase 99 vyèm. Ayiti, ki ranplase Kuba, klase 117 tyèm mondyal.

Si ou gen kesyon ou kòmantè pou jounalis ki ekri paj spò sa a, voye yon kourye elektwonik bay Jean-Robert Philippe nan adrès sa a : jphilipp@voanews.com.

XS
SM
MD
LG