Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Eleksyon : Eske Pati Fanmi Lavalas prale nan Eleksyon Lejislativ 19 Avril 2009? Kesyon an Toujou Poze


Ann Ayiti, Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP) fè konnen li pap retounen sou desizyon li te pran pou l entèdi tout reprezantan Pati Fanmi Lavalas patisipe nan pwochen eleksyon senatoryal pasyèl ki fikse pou 19 avril 2009 la, poutèt okenn nan kandida sa yo, daprè dirijan konsèy la, pa satisfè kondisyon lwa elektoral la poze pou yo pran pa nan kous la. KEP a fè anons sa a aprè jij yon tribinal refere te pran yon òdonans ki mande pou konsèy la aksepte patisipasyon kandida lavalasyen yo. Pou n koute 2 son klòch la, nou genyen opinyon 2 avoka Fanmi Lavalas, Mèt Jean Colbert Alexis ak Mèt Stanley Lafortune yon pa, epi, yon lòt kote, deklarasyon Frantz Bernardin, pòtpawòl Konsèy Elektoral la, ki fikse pozisyon KEP a sou òdonans tribinal la.

Pou w koute detay yo, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG