Accessibility links

Breaking News

Inyon Foutbòl Karayib la Repeche Ayiti


Koup Dò KONKAKAF la

Ayiti ap ranplase Kiba nan Koup dò KONKAKAF la k ap dewoule Ozetazuni nan mitan ane a. Inyon Football Karayib la seleksyone Ayiti nan yon tiraj o-sò olye de Trinidad e Tobago. Koup dò KONKAKAF la ap jwe pou la premyè fwa nan 13 vil amerikèn. Match k ap ouvè koup la ap jwe nan stad Home Depot nan Kalifòni le 3 jiyè e final la fikse pou le 26 menm mwa a nan Giant Stadium nan New York/ New Jersey.

Chak vil ap akeyi 2 match. Lòt vil yo se Seattle, nan eta Washington, Oakland nan eta Kalifòni, Kolonbus nan eta Ohio, Washington DC, Houston nan Tekzas, Miami nan Florid, Boston nan Massachussetts, Phoenix eta Arizona, Philadelphia nan Pensilvani, Dallas o Tekzas epi Chikago nan eta Ilinwa.

Yon lòt kote nan faz final eliminatwa Koup du Mond U-20 an (zòn KONKAKAF la) kap dewoule nan Trinidad e Tobago, Kanada kale Meksik 2 a 0 e Trinidad e Tobago fè match nul 0 a 0 ak Kosta Rika. Avèk 0 pwen, Meksiken yo elimine apre yo fin pèdi 2 premye rankont yo. Aswè a Jamayik ap rankontre ak Ondiras epi Lèzetazini épral tope kòn ni avèk Salvadò. 4 ekip ki kalifye pou semi-final konpetisyon an ap jwenn tikè yo otomatikman pou faz final koup la.

Peyi ki pral òganize faz sa-a se Lejip, sòti 24 Septanm pou rive 16 Oktòb ane sa a.

Toujou nan foutbòl: Mitan teren seleksyon anglè a, David Beckham, toujou okipe premye plas la sou lis footballè ki touche plis lajan nan lig football ameriken an, malgre misye ap ap evolye ann Itali pou le moman.

Los Anjeles Galaksi ofri Beckham 6 milyon 500 mil dola, swa 43 fwa salè mwayen yon footbalè kap jwe nan lig football ameriken an (MLS). Se sèlman 7 footballè kap touche 500 mil dola nan lig sa a, dapre chif sendika footbalè yo pibliye. Beckham gen pou l retounen nan Los Anjeles Galaksi apre fen sezon seri A Italyen an pou l kontinye jwe nan chanpyona MLS.

Beckham ap chache jwe pou peyi l pandan kanpay eliminatwa Koup di Mond Afrik du Sud 2010 la. Dapre ekspè yo, Beckham kapab pa renmèt anyen nan gad la nan moman lap chache satisfè 3 ekip (Milan AC, L. A. Galaxie, plis selekyon nasyonal Angletè a).

Lòt nouvèl : 4 peyi kandida pou òganize koup d Ewòp dè Nasyon 2016 la. 4 peyi sa yo, ki soumèt kandidati yo avan delè yè Lendi 9 fevriye a, se : La Frans, Itali, Tiki epi kandidati marasa ant la Swèd ak la Norvèj. Kandida yo gen jiska 15 Fevriye 2010 pou yo prepare dosye yo. Komite ekzekitif la gen pou l anonse chwa li nan dat 22 Me 2010. 24 peyi --olye de 16-- pral patisipe nan faz final la.

Seleksyon Football feminen Lèzetazini an pral rankontre ak 11 nasyonal la Swèd la nan final koup Algarv la kap dewoule nan Pòtigal. Match sa a fikse pou demen Mèkredi a.

Nap rete nan foutbòl pou n di Klib Japonè Gamba Osaka kòmanse defann tit lig azyatik la apre yon swif li pase klib chinwa Shandong Luneng. Nan yon lòt rankont, FC Sewoul wouze ekip endonezyen Sriwijaya FC: 4 a 2. 2 premye nan chakenn nan 8 group yo ap kalifye pou 2 zièm tou a.

Responsab imigrasyon ameriken sanble yo ta dakò pou pèmèt atlèt etranje rete o Zetazini pi lontan a kondisyon pou yo kite peyi a apre 10 zan; apre sa y ap gen dwa aplike pou yon nouvo viza. Desizyon an konsène atlèt etranje kap jwe bezbòl, basketbòl, òki ak gòlf.

Anfen, nan baskètbòl: Dwayne Wade make 3 pwen pou l pèmèt Miami Heat kale Chikago Bulls (130 a 127) nan yon rankont ki te genyen 2 pwolongasyon. Porland Trail Blazers ranpòte laviktwa sou Los Anjeles Lakers (111 a 94); Brandon Roy make 27 pwen pou Portland. Epi Washington Wizards fè 2 pwen sou Minnesota Timberwolves ki pèdi devan n sou yon skò 110 a 99.

XS
SM
MD
LG