Accessibility links

Breaking News

Sekretè Jeneral L'onu an Deside Mete Ayiti Nan Tèt Priyorite Kominote Entènasyonal la


Sekretè jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, ak ansyen prezidan ameriken Bill Clinton rive lendi 9 mas la nan peyi Dayiti kote ya’p fè yon vizit ki gen pou objektif atire atansyon kominote entènasyonal la sou sitiasyon ekonomik peyi-a---youn nan pi pòv nan emisfè oksidantal la. Pandan vizit sa-a, 2 pèsonalite yo dwe fè chita-pale ak prezidan René Préval nan palè nasyonal la e rankontre reprezantan Bank Mondyal, Fon Monetè Entènasyonal ak Bank Entè-Ameriken Devlopman an.

Msye Ban ak mesye Clinton te al vizite yon lekòl-kantin 300 elèv nan Site Solèy---ki se bidonvil pi pòv ki genyen nan kapital ayisyèn-nan, Pòtoprens. Nan yon kominike msye Ban te fè parèt semèn pase, sekretè-jeneral l’Onu an te di li envite msye Clinton fè vizit la avèk li, an pati, akòz atansyon ansyen lidè ameriken an te genyen pou Ayiti lè li te sou pouvwa a ant ane 1993 ak ane 2001.

Kominike a site efò gouvènman ayisyen an ap deplwaye nan moman popilasyon an ap eseye rekanpe sou 2 pye l' apre 4 move tan ki te frape nasyon karibeyen an, pran lavi apeprè 500 kretyen-vivan e detwi kay plizyè milye lòt ki sanzabri jounen jodi a.

Sou ralonj ki anwo, adwat paj-web la nou ka koute repòtaj Clarens Renois sou vizit diyitè sa yo nan kapital ayisyen an, kote patizan ansyen prezidan Aristide yo ta manifeste pou mande retou Jean-Bertrand Aristide an'n Ayiti. Jean-Max Blanc ap devlope pwen sa a pou nou nan repòtaj pa li a, anba korespondans mesye Renois a




XS
SM
MD
LG