Accessibility links

Breaking News

Sekretè-Jeneral L'ONU an ak Ansyen Prezidan Bill Clinton ap Vizite Ayiti


Prensipal pwen ki nan aktyalite a nan peyi d Ayiti:

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Ban Ki-moon, ak ansyen prezidan ameriken Bill Clinton ap vizite Ayiti jodi a pou yo atire atansyon sou pwoblèm peyi a ap konfwonte. Msye Ban ak Msye Clinton gen pou yo rankontre prezidan Préval nan Palè Nasyonal avan yo rankontre reprezantan enstitisyon finansye entènayonal la ak manm sektè prive a. 2 lidè yo gen pou yo vizite yon kantin skolè nan Site Solèy, katye ki pi pòv nan kapital la.

Sektè prive ayisyen an akeyi vizit la ak bra louvri dapre yon korespondans Rotchild François Junior

Dapre nouvèl yo msye Ban ak Clinton te gen pou yo vizite vil Gonayiv ki poko kapab reprann ni depi pasaj plizyè siklòn ak tanpèt twopikal nan sezon été 2008 la. Sepandan, sanble pati sa a nan vizit la anile. Alfred Jean di nou Gonayiv ap sibi konsekans, non sèlman siklòn 2008 yo, men tanpèt Jeanne ki te pase depi an 2004. 2 moun sot’ mouri nan yon lak tanpèt sa a kite toupre vil la.

Yon lòt kote, fanmi komèsan Jn-Marc Mésidor ki mouri anba 2 bal nan vil Okay samdi swa ap mande jistis. Yon tèks Jn-Hernst Eliscar.

Anfen, manifestasyon nan Plato Santral nan okazyon Jounen Entènasyonal Medam yo, dimanch 8 mas la, dapre yon korespondans Jn-Christophe Collègue.

Pou w koute tout repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG