Accessibility links

Breaking News

Izrayèl Kwè Iran Deja Pare Pou Li Fabrike Bonm Atomik


Yon gwo jeneral izrayelyen deklare Iran gen kapasite pou li pwodui yon bonm nukleyè. Se chèf sèvis ransèyman militè a, Amos Yadlin, ki fè deklarasyon sa a. Sepandan li presize ke sa pa vle di Teheran deja posede yon bonm atomik. Li sèlman gen ekspètiz ak materyo ki nesesè pou li fabrike youn.

Dapre Analis Barry Rubin, “gen yon gwo diferans ant materyo ak bonm. Men esansyelman, moun ki byen enfòme estime ke Iran pral bezwen ant 15 mwa a plis ke 3 zan pou l’fabrike bonm nan.”

Iran mentni ke pwogram nikelyè li a vize sèlman objektif pasifik, men peyi Izrayèl ak Etazini gen dout sou sa.

XS
SM
MD
LG