Accessibility links

Breaking News

Chanm Bas Lèzetazini an Vote yon Pwojè-lwa Pou Ede Mèt-kay yo Kenbe Byen yo Pandan Kriz Ekonomik la


Nan yon vòt ki dewoule jedi 5 mas 2009 la nan Chamm dè Reprezantan ameriken an, yon gwo majorite depite vote pou yo adopte yon pwojè-lwa ki ka pèmèt plizyè milyon ameriken kenbe kay yo, nan moman kriz ekonomik la lakoz anpil pwopriyetè pèdi travay yo. Demokrat yo --tankou prezidan Lachanm nan, Nancy Pelosi-- bat bravo pou vòt la e yo fè konnen se yon gwo pa an avan pou Prezidan Barack Obama ki te anonse yon plan, sa pa gen lontan, pou l ede mèt-kay yo konsève byen yo. Sepandan Repibliken yo pa renmen ditou sa k di nan pwojè-lwa-a paske, daprè yo, li rekonpanse mèt-kay ki gen movèz fwa oubyen ki pa gen sans responsablite. Dokiman an pase nan Chanm Bas la nan moman moun ap tann plis move nouvèl toujou sou sitiyasyon ekonomik la o Zetazini. Vrèman vre, obsèvatè yo atann yo aske Depatman Travay ameriken an pibliye, pi ta nan jounen jodiya, yon rapò k ap montre to chomaj la te ogmante nan peyi a pandan mwa fevriye a.

Pou w koute detay sou nouvèl sa a, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG