Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Branch Fanmi Lavalas Ap Tann Vèdik Lajistis Sou Yon Plent Kont KEP a


Responsab lajistis nan peyi dAyiti gen pou yo pwononse yo sou plent yon branch pati Fanmi Lavalas depoze devan yon tribinal espesyal kont Konsèy Elektoral Pwovizwa a. Korespondan nou Rotchild François Jr. gen detay depi Pòtoprens.

Patizan Pati Fanmi Lavalas nan Sid peyi d Ayiti mande yon mobilizasyon jeneral pou fòse otorite elektoral yo aksepte kandida pati a nan eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril kap vini la a. Yon korespondans Jn-Hernst Eliscar depi vil Okay.

Otorite lajistis yo nan vil Gonayiv anonse yap jije 2 manm aparèy jidisyè a pou koripsyon. Korespondan nou Alfred Jean ap swiv dosye sa a.

Minis Travo Piblik Ayiti a fè depozisyon yè madi a devan Palman an, kote li eksplike fason lap eseye rezoud pwoblèm inondasyon nan kapital la pandan sezon lapli a. Pòtoprens: Renan Toussaint.

Pou w ka koute nouvèl sa yo an detay, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.

XS
SM
MD
LG