Kèk manm Palman ayisyen an, ansanm ak lidè nan klas politik la, ajoute vwa yo sou sekt♪8 k'ap mande otorite Washington yo sispann desizyon administrasyon Bush la te pran anvan l'ale pou depòte 30-mil Ayisyen ki abite Ozetazini san papye imigrasyon. Deja gouvènman ayisyen an refize bay viza pou rapatriman an mas sa a. Renan Toussaint gen detay.
Plizyè sektè kritike responsab Mache Komen Karayib la ki egzije pou ayisyen gen viza lè yap vizite lòt eta manm CARICOM yo. Korespondan nou Jn-Hernst Eliscar gen reyaksyon yon reprezantan òganizasyon rejyonal la.
Se kèk pami pwen ki nan aktyalite a nan peyi d Ayiti. Pou w koute repòtaj yo, fè klik sou ralonj ki anwo, adwat paj la.