Accessibility links

Breaking News

Kontribisyon VOA-Kreyòl Nan Pwogrè Près Ayisyèn nan


Lavwadlamerik-Kreyòl gen 23 zan. Dat 7 fevriye a, ki deja gen yon gwo siyifikasyon pou majorite nan moun k'ap koute nou yo-- nou vle di oditwa ayisyen an-—se dat kote seksyon sa a te ofri premye pwogram ni pou Ayiti ak lòt peyi ki pale Kreyòl nan Karayib la.

Nan okazyon 23èm anivèsè sa a, nou te mete sou pye yon konkou literè ki pèmèt nou konfime sa ki te deja klè pou nou tout: Ayisyen toupatou manifeste anpil enterè nan pwogramasyon Lavwadlamerik epi nan fason radyo sa a ap kore bèl travay, travay ak anpil kouraj, jounalis ayisyen yo ap fè.

Plizyè douzèn moun te patisipe. Se 41 atik sèlman nou te konsidere pou koreksyon paske lòt yo te ekri an franse. Nou rekonsesan pou efò moun nou pat' konsidere yo e nou di yo toujou rete zanmi VOA.

Tèm konkou a te byen senp : kontribisyon Sèvis Kreyèl VOA a nan pwogrè près ayisyèn nan. Nou te reklame yon tèks 2-mil mo maximum, an kreyòl. Non 41 patisipan te nan tanbou a, e nou jwenn 3 loreya. Sispens la kaba. Men rezilta yo:

Premye loreya a, se Gérald Cassis, yon etidyan kominikasyon ki nan katriyèm ane fakilte. Li koute nou sou Radio Lumière, nan Pòtoprens.

Dezyèm loreya a se Jean Stephenson Pierre, ki kapte VOA nan vil Ennery, sou Radyo Ginen.

Twazyèm nan se Prosper Schmid, ki nan Pòtoprens.

Lavwadlamerik ofri yo divès kalte pri tankou radyo-ki-mache-san-pil, balon foutbòl, valiz pou met' sou do, mont-braslè VOA, plim ak logo VOA, tas ak logo VOA, mayo elatriye.

Moun ki pa pami loreya yo ap jwenn kèk nan kado sa yo tou kòm konsolasyon.

Tankou nou te pwomèt li, nou bay Premye Loreya a okazyon pou l' li yon posyon nan tèks ki pèmèt li ranpòte konkou a. Fè klik sou ralonj (lyen) ki anwo, adwat paj la pou w tande Gérald Cassis ap li tèks la sou Lavawadlamerik. Epi, pi ba atik sa a, tcheke kopi tèks loreya yo. Pou ekonomi espas, Lavwadlamerik gen dwa koupe nan vèsyon final tèks yo, san li pa defòme sa ki andedan yo.

XS
SM
MD
LG