Accessibility links

Breaking News

Basketè Charles Barkley ap Pase 5 Jou Prizon


Baskètbòl

Ansyen basket ameriken Charles Barkley e kòmantatè televizyon NBA , gen pou l pase 5 jou nan prizon apre la justis jwen-ni koupab poutèt-li tap kondui apre-l te finn bwè . An plis de 5 jou prizon an kap kòmanse 21 Mas kap vini la-a , Barkley ap peye 2000 dola amand, epi swiv yon tretman anti-alkòl, enstale yon aparèy kap anpeche motè a demare si msye gen yon sèten nivo alkòl nan sann. Ensidan an pase 31 Desanm nan Scottdale ,Arizona.

Viktwa New Jersey Nets sou Philadelphia 76ers : 98 a 96 . Boston Celtics li-menm pilon-nen Denver Nuggets 114 a 76. Nan lòt rankont , Atlanta Hawks tonbe devan Utah Jazz 108 a 89. New Orleans Hornets te redi avan li kale Sakramento Kings 112 a 105. Los Anjeles Clippers wouze Golden State Warriors 118 a 105.

Foutbòl

Nap kòmanse ak Foutbòl : Bouyon boul semèn-nan ap kòmanse nan yon jodi a nan 8 tièm de final Lig Chanpyon-an . Jodi nap suiv patikulyèman ; Barselòn-Lyon (2 lidè nan chanpyona lakay-yo ) . Laprès fransèz ap fè lyon pè tèlman jounalis spòtif-yo prezante Barca kòm yon ekip enbatable …yon “ Dream Team “ alòske li sot pèdu Samdi. Menm bagay tou pou Inter de Milan ak Manchester United. Yon lòt rankont ki pwomèt se Arsenal/ As Wom. Men fòk nou tan demen mèkredi-a pou yon afich tankou Real Madrid /Liverpool ou Jouventous de Turin-Tchelsi .

David Beckham renouvle entansyonn pou l rete jwe nan Milan AC malgre Galaksi rejte yon òf 3 milyon dola Milan AC te pwopoze pou transfer mitan teren Angle a.Beckham deklare semen sa a enpòtan nan avni l. Men li espere rezulta a prale nan sans li swete ki se kontinye jwe nan Milan AC ak posibilite pou l jwe nan seleksyon angle a.

Tennis

Ansyen chanpyon Wimbledon ameriken Andre Agassi ak almand Steffi Graf ,--madanm ak mesye--- pral ede teste kondisyon de jeu nan yon sant spòtif kouvri nan vil Londr. Koup sa-a pral rejwenn 2 jwè ki pran retrèt-yo an palan de britanik Tim Henman ak bèlj Kim Clijsters pou kèk match chofe jarèt 17 me. Responsab-yo ap kòmanse vann kat-yo 12 mas e yap koute 50 dola. Wimbledon-nan, 3 zièm tounwa Gran Shelem pou ane a, ap kòmanse 22 jwen pou-l fini 5 juyè.

Jwè tenis Arjanten Juan Martin del Potro pa fè pati ekip koup Davis Arjanten an kap akeyi La Oland nan premye tou a 6 o 8 Mars.

Kuba /Basebòl

Boksè kuben Guillermo Rigondeaux, ki ranpòte 2 meday dò olempik pou kuba an 2000 e 2004, trouve l nan Miami apre li abandone peyi l. Rigondeaux siyen yon kontra ak yon konpayi pou l anbrase yon karyè pwofesyonèl. Rigondeaux te eseye kraze rak an 2007 nan okazyon je Panameriken ki tap dewoule O Brezil. Otorite Brezilyen yo te depòte l ansanm kèk lòt atlèt kuben.

XS
SM
MD
LG