Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Pral Fè Premye Diskou l Sou Eta Inyon an


Prezidan Lèzetazini an, Barack Obama, pral pale ak manm Kongrè a e ak pèp ameriken an sou defi Lèzetazini ap konfwonte yo, nan yon mesaj enpòtan li pral prezante aswè a devan depite yo ak senatè yo. Se premye fwa Msye Obama pral pran lapawòl devan tou lè 2 chanm Kongrè a reyini ansanm, e li pral pwofite okazyon an pou l bay detay sou priyorite gouvènman n nan e sou plan ekonomik administrasyon n nan.

Prezidan an genyen pou l abòde kesyon ki gen rapò ak sekirite nasyonal Lèzetazini, men li pral santre atansyon n sitou sou ekonomi amerikèn nan. Sa gen 5 semèn sèlman depi Barack Obama te monte sou pouvwa a . Nan 7 jou ki pase yo, li siyen yon pwojè-lwa sou yon plan relans ekonomik ki prevwa depans ak envestisman pou 787 milya dola, li bay detay sou plan gouvènman an genyen pou l ede mèt kay yo refinanse ipotèk yo, e li anonse pwojè administrasyon n nan genyen pou l koupe mwatye nan defisi nasyonal la anvan fen ane 2 mil 13.

Yè lendi a, prezidan Obama te bay yon amòs sou sa l pral di nan mesaj li pral mete devan Kongrè a aswè a. Nan yon somè ekonomik ki te reyini nan La Mezon Blanch, manm Kongrè a ak kèk espesyalis, pou yo te fè deba sou mwayen pou redui defisi bidjè leta federal la, lidè ameriken an atire atansyon sou lefèt ke li eritye yon defisi yon 1.3 trilyon dola ke administrasyon Bush la kite dèyè pou li.

Ou kapab tande yon pati nan remak Prezidan an te fè yè a si ou fè klik sou rlaonj ki anwo, adwat paj la.


XS
SM
MD
LG