Accessibility links

Breaking News

L'OEA Apiye Eleksyon 19 Avril yo ann Ayiti Ak Desizyon KEP a


Sekretè-Jeneral-adjwen Oganizasyon Eta Ameriken yo deklare eleksyon pou renouvle yon tyè Sena ayisyen an ta dwe dewoule le 19 avril, jan responsab yo prevwa l la. Albert Ramdin reyaji nan yon entèvyou li bay Sèvis Kreyòl Vwad’Lamerik la, 3 jou apre Konsèy Elektoral Pwovizwa Ayiti a te rejte, pou yon dezyèm fwa, tout 12 kandida Pati Fanmi Lavalas yo, poutèt dosye yo pa konplè.

Msye Ramdin di “L’OEA espere eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril yo pral dewoule e papral gen reta paske yo te dwe fèt depi lontan deja, epitou li enpòtan, nan kad Konstitisyon ayisyèn nan, pou eleksyon sa yo dewoule pi vit posib. Se premye sousi ak objektif OEA e òganizasyon an ap ofri apui ki nesesè pou fasilite antrepriz sa a.”

Konsènan desizyon KEP a pran pou li ekate kandida Lavalas yo, numero 2 OEA a, kore enstitisyon elektoral la, depi se lalwa lap aplike.

Sekretè-Jeneral-adjwen Oganizasyon Eta Ameriken yo Albert Ramdin, mande pou tout sektè respekte règ jwèt la. Li di se regretan pou demokrasi a lefèt ke Lavalas pap reprezante, men fòk tout moun respekte Lwa Elektoral la. Msye Ramdin te pale konsa jedi maten nan mikwo Lavwad’Lamerik.


XS
SM
MD
LG