Accessibility links

Breaking News

Prezidan Barack Obama Siyen Lwa Pou Relanse Ekonomi an


Prezidan ameriken an, Barack Obama, siyen lwa relans ekonomik 787 milya dola a madi apre midi---yon desizyon ki reprezante yon gwo viktwa pou li nan demach li pou l' sove ekonomi nasyon an epi retabli pwosperite.

Mwenske 3 semen apre li prete sèman, mesye Obama ale madi nan vil Denver, Eta Colorado, kote li siyen American Reinvestment And Recovery Act la. Prezidan an deklare "lwa sa a se pi gwo plan relans ekonomik nan istwa peyi Etazini". Lidè ameriken an di "lwa a pral demare travay esansyèl la, asavwa: mentni rèv ameriken an vivan... paske li pral retabli yon kwasans kap dire ansanm ak pwosperite".

Chef Lamezon Blanch lan deklare "jodi a make komansman fen an; komansman sa ki dwe fèt pou kreye travay pou ameriken yo kap redi apre apre yo finn pèdi djòb yo. Li se koumansman sa nou dwe fè pou bay fanmi yo / ki krenn pou yo ka pa ka yo peye "bill-yo" mwa sa / yon soulajman. Li se premye pa pou remete ekonomi nou an sou yon fondasyon pi solid...ki va pare chimen pou yon kwasans manch long ak pwoseperite".

Lwa sa a prevwa gouvènman federal la pral envesti (sètadi depanse plizye milya dola Ozetazini) pou kreye travay à haute intensité de main-d'oeuvre"...e l' koupe taks kontribuab yo ap peye LEta yon fason pou ede ekonomi peyi a sòti nan resesyon li plonje depi preske sezon otòn ane pase a.

XS
SM
MD
LG