Accessibility links

Breaking News

Vizit Sekretè Deta Hillary Clinton Sou Kontinan Azyatik la


Sekretè deta ameriken an, Hillary Clinton, rive nan Tokyo jodi lendi a, nan kad premye etap yon vire-won lap fè nan rejyon Azi a pandan tout semèn nan. Se premye vizit li aletranje antanke Chef diplomasi nan gouvènman Barack Obama a. Nan Tokyo, Madan Clinton pral siyen yon akò ak otorite yo pou wetire 8 mil solda ameriken nan peyi Japon e transfere yo nan Guam, nan zòn Pasifik la. Pwochen eskal Sekretè deta a se Endonezi, Kore du Sud, ak Lachin.

Nan peyi Endonezi, Sekretè-deta Clinton pral chache pi bon kooperasyon ak 10 manm ANSEA yo, Asosyasyon Nasyon Sides Azi a. Li deja di li pral mande ANSEA travay pou amelyorasyon kondisyon dwamoun nan Birmani. Nan Lachin, li pral chache etann kooperasyon an pi lwen pase ekonomi ak komès tankou sa te ye pandan 8 dènye ane yo.

Vire-won Hillary Clinton nan rejyon Azi a rive nan moman Washington ap chache mete yon ola nan pwogram zam nukleyè Kore du Nò a epi ede nan stabilize ekonomi mondyal la.

Ale sou ralonj anwo e adwat paj wèb la pou plis presizyon toujou sou vwayaj chèf diplomasi Etaini an, Hillary Clinton.

XS
SM
MD
LG