Accessibility links

Breaking News

Ayisyen Nan Florid Jwenn Espwa Nan Plan Ekonomik Obama a


Kominote ayisyèn nan nan Florid salwe vòt Kongrè ameriken an anfavè Plan Relans Ekonomik Prezidan Barack Obama a, yon plan kap mete 787 milya dola nan rediksyon enpo ak kreyaksyon anplwa isit ozetazini.

Korespondan nou Yves Mompremier ap di nou plis, depi vil Orlando. Fè klik sou ralonj ki adwat la, pou w koute repòtaj li a ak deklarasyon ekonomis nan kominote a.

An jeneral, ekonomis sa yo deklare non sèlman pral gen plis travay pou Ayisyen nan Florid yo, men tou fanmi yo ak zanmi yo ki nan peyi d Ayiti pral rekòmanse resevwa transfè lajan ki te ralanti akoz sitiyasyon kriz ekonomik la ozetazini.

XS
SM
MD
LG