Accessibility links

Breaking News

Prezidan Obama ak Minis Trezò Geithner Defann Plan Relans Ekonomik la ki Jwenn Vòt Pozitif Sena a


Prezidan ameriken an, Barack Obama, te fè deplasman, madi 10 fevriye a, pou l ale nan Eta Florid kote li bay detay sou plan Administrasyon n nan genyen pou l fè fas ak kriz ekonomik Lèzetazini ap travèse a. Misye Obama pale sou kriz la nan yon rankont ak yon gwoup rezidan vil Fort Meyers, nan pati sidwès Florid, ki te rete koute prezidan an, an menm tan ke yo te kapab poze l kesyon. Pandan lidè ameriken an te nan Florid, Sena a vote pou l apwouve plan relans gouvènman n nan soumèt devan Kongrè a.

Toujou sou sitiyasyon ekonomik la o Zetazini, menm yè madi a Minis Trezò a, Timothy Geithner, bay yon konferans-pou-laprès kote li detaye pwojè depans ak envestisman gouvènman an genyen nan kad plan relans ekonomik la. Nan apremidi, misye Geithner te konparèt devan yon komisyon nan Kongrè a pou l te reponn kesyon palmantè yo sou --antwòt-- kijan li evalye chans siksè Administrasyon Obama a nan lit kont kriz la.

Pou w koute detay sou deklarasyon Prezidan Obama fè madi 10 fevriye a nan Eta Florid ak kèk pati nan repons minis Geithner te bay jounalis yo nan konferans-pou-laprès ki te dewoule menm jounen yè a, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG