Accessibility links

Breaking News

Barack Obama Abòde Politik Nasyonal e Entènasyonal Lèzetazini devan Laprès nan Washington


Prezidan ameriken an, Barack Obama, bay premye konferans-pou-laprès li lendi 9 fevriye, kote li detaye rezon ki fè l gen konviksyon Kongrè a ta dwe ratifye yon plan relans ekonomik
administrasyon n nan mete devan palmantè yo. Sena a pral vote sou plan an madi 10 fevriye a, aprè majorite manm yo (61 kont 36) te deside lendi sispann fè deba sou dokiman an. Nap raple Chanm dè Reprezantan an te apwouve dokiman an mwa pase a, menmsi okenn depite repibliken pa t vote pou apiye l. Pami tèm misye Obama devlope nan konferans-pou-laprès la, genyen --antwòt:

-Plan ankourajman ekonomik Obama a;
-Rapò ant Lèzetazuini ak Iran -- Posiblite pou 2 peyi yo tabli kontak dirèk;
-Volonte pou Prezidan Obama kontinye pratike yon politik men-kontre ak Pati Repibliken an;
-Kreyasyon dyòb ki makonnen ak plan relans ekonomik la;
-Politik Lèzetezini vizavi Irak, Afganistan ak Pakistan;
-Akizasyon k ap peze sou do Alex Rodriguez, jwè ekip bezbòl New York Yankees, kòmkwa misye te pran dwòg pou l te ka bay pi bon randman;
-Trete entènasyonal sou lasnal nikleyè yo;
-Posiblite pou Administrasyon Obama a pran an konsiderasyon yon pwopozisyon Senatè demokrat Patrick Leahy ki mande kreyasyon yon swadizan "Komisyon Verite" pou mennen ankèt sou kèk desizyon gouvènman Bush la te pran --menm si Misye Obama ensiste pou l di li ta pi renmen fikse atansyon n sou lavni e non sou le pase.

Pandansetan Minis Trezò a, Timothy Geithner, gen pou l bay yon konferans-pou-laprès jodi madi 10 fevriye a sou plan relans ekonomik administrasyon Obama a --pi espyalman sou fason gouvènman an pral depanse 350 milya dola ki rete nan yon plan sovtaj ekonomik Kongrè a te vote ane pase a.

Pou w koute kèk detay sou konferans-pou-laprès Prezidan Obama bay lendi 9 fevriye a, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG