Accessibility links

Breaking News

Washington: Syèj Yon Konferans Peyi Donatè yo Sou Ayiti ann Avril Pwochen


Peyi Dayiti pral nan sant yon konferans peyi donatè yo gen pou fè nan vil Washington DC, nan mwa davril 2009 la. Lavwadlamerik jwenn konfimasyon nouvèl sa a nan men Minis Planifikasyon ayisyen an, Jean Max Bellerive, ki pale ak kolaboratè nou Jean Pierre Leroy. Daprè Minis Bellerive, anvan randevou ekonomik sa a sou Ayiti, yon konferans teknik preparatwa gen pou dewoule nan Ottawa, o Kanada.

Klike sou lyen anlè a, adwat, pou w koute deklarasyon Misye Bellerive ki te akonpaye Prezidan René Préval nan yon vizit 5 jou nan kapital Lèzetazini an --vizit ki pran fen vandredi 6 fevriye a.

XS
SM
MD
LG