Accessibility links

Breaking News

Limit 500 mil Dola sou Lajan Direktè Gwo Konpayi Ameriken yo - Lòd Prezidan Obama


Sena ameriken an gen pou l vote pi ta jodi jedi 5 fevriye a sou plan relans ekonomik Administrasyon Obama a mete devan Kongrè a. Senatè Harry Reid --lidè majorite a nan Gran Kò a-- fè anons la yè mèkredi 4 fevriye a aprè Senatè Repibliken Johnny Isakson te pwopoze yon amandman nan dokiman an -amandman ki pase fasilman nan sena a.

Pandansetan, yon lòt gwo nouvèl sou ekonomi amerikèn nan, se lòd Prezidan Barack Obama pase nan dat 4 fevriye a pou PDG (prezidan-direktè jeneral) gwo konpayi yo pa touche plis pase 500 mil dola pa ane, si konpayi sa yo ap resevwa bourad ekonomik nan men gouvènman federal la pou yo kapab travèse kriz k ap frape sektè finansye a o Zetazini. Misye Obama pale konsa aprè nouvo minis trezò ameriken an, Timothy Geithner, te atire atansyon sou responsablite dirijan gwo konpayi yo nan kriz sa a. Daprè nouvèl ki sòti World Street, an 2008 PDG yo te resevwa plis pase 18 milya dola kòm salè ak bonis, e sanble yo te mete nan pòch yo plis ke sa toujou pandan ane 2007 la.

Pou devlopman nouvèl sa yo, klike sou lyen anlè a, adwat.

XS
SM
MD
LG