Accessibility links

Breaking News

Akò Ant Ayiti ak Peyi ABC yo Pou Pwofesyonalize Polis Nasyonal la


Gouvènman aysiyen an ak peyi Amerik latin ki fè pati fòs mentyen lapè l'Onu an, Minustah, enstale yè lundi a yon gwoup travay ki pral koòdore asistans teknik e lojistik Polis Nasyonal la pra l' resevwa nan jou kap vini yo. Anbasadè peyi Chili nan kapital ayisyen an, Pòtoprens, mesye Marcel Young di Lavwadlamerik Gwoup sa a gen ladan yon reprezantan peyi ABC yo (Arjantin, Brezil, Chili), yon reprezantan Ayiti ak yon reprezantan Òganizasyon Eta Ameriken yo, OEA. Anbasadè Young fè konnen Gwoup koòdinasyon sa a pral genyen pou l' prezante premye rapò-li nan mwa Avril 2009 la.

Yon lòt kote, Konsèy Elektoral Pwovizwa ayisyen an (KEP) ap pare li pou l' piblye avan fen semèn nan, lis Kandida ki gen dwa patisipe nan eleksyon senatoryal pasyèl 19 avril yo. Msye Pierre-Louis Aupont, direktè jeneral KEP a ap eksplike pwosedi a sou ralonj ki anwo, adwat atik sa a.

NB: Fè yon klik sou ralonj ki anwo, adwat, atik sa a pou n' koute deklarasyon diplomat chilyen an, MARCEL YOUNG, ak repòtaj Claren Renois sou tèm sa a.



XS
SM
MD
LG